Yon foul moun, anba lidèchip plizyè estrikti politik, manifeste nan vil Ench Chèf lye Depatman Sant vandredi 9 sektanm 2022 a pou mande Premye Minis Ariel Henry kite pouvwa a.

Yon manifestasyon ki te dewoule anba chapo Tab Opozisyon Sant (TOS) ki regroupe yon 20tèn òganizasyon sosyo-politik pou nou site : AAA, Lavalas, Pitit Desalines, OPL, Kontra pèp la, PENN, Matris Liberasyon, MPP, UNOH, Sitwayen Angaje, LIDÈP, CNEH, MJH… ansanm estrik sa yo te fè tèt kole pou manifeste nan vil Ench. Yon manifestasyon ki te kòmanse nan midi anba sekirite lapolis e ki ta pral pran fen vè 2 zè nan aprè midi.

Manifestan yo pakouri plizyè ri nan vil la, boule kawotchou, bloke wout epi mande demisyon Premye Minis Ariel.

Plizyè kote nan vil la, moun yo rache adoken yo fè barikad ak yo, itilize tout sa yo jwenn sou pasaj yo pou fè barigad, kawotchou t ap boule, wòch ak kout boutèy t ap tire depi byen bonè nan maten.

Yon lòt kote, kèk sitwayen nan vil la kritike group moun ki te dekole adoken yo pou fè barigad. Yo fè konnen nou pa ka detwi sa ki fin konstwi.

Manifestasyon sila a te dewoule san gwo ensidan. Se 2èm jounen manifestasyon ki fèt nan Ench pou mande PM Ariel lage pye l.

Napoléon Jacquelin, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841