PNH rann piblik samdi 13 Dawout 2022, nan kad yon ankèt ki mennen madi 9 rive jedi 11 dawout 2022 pa SDPJ-SANT, nan kad asasinay Madam Saintile Anicie alyas Man Nènè, lapolis nan vil Tomasik mete anba kòd:

1- Jeff Thomas, ki arete suit yon manda rale mennen vini li te genyen dèyè li. Li te rete menm kote ak Madam Saintile Anicile ke yo te jwenn kò li boule lakay li nan dat lendi 2 me 2022.

2- André Weedf, 52 lane orijinè Tomasik arete tou paske Jeff Thomas denonsel kòm moun ki ta patisipe nan touye Man Nènè.

3-Gertrho Gauthier 59 lane, orijinè 2yèm seksyon Mamon, lokalite Lasgwam arete tou kòm prezime otè zak asasinay yon lòt moun ki pote non Marie JOSEPH .

Pou kounye a lapolis fè konnen tout 3 moun sila yo nan gadavi annatandan suit jidisyè yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841