Madi 9 dawout 2022 a Thelius Teluscat (TT) alyas bòkò tinèg jwenn lanmò li maspinen epi rache ak kout manchèt nan Depatman Latibonit komin lyankou ,pandan pasaj li nan zòn ,chofè ki te pote li a sispèk mesye yo gen gwo materyèl lou sou yo li rive nan yon baz li mande pou fouye bmesye yo ,bòkò a ap fè awogan ki koz popilasyon bay misye viza pou peyi tèt san chapo.

Kimoun bòkò tinèg te ye ? pou nou reponn ak kesyon sila nou dwe al gade ansanm bagay negatif ak pozitif bòkò te konn fè nan kominote a :
Bòkò tinèg fèt nan lane 1973 nan lokalite Bwapini premye seksyon savann grann komin Mayisad, manman misye rele Orilya se pou tèt sa gen moun ki rele misye tinèg orilya.
Lè li te jenn gason li te konn achte cheval pou li revann epi gwo plezi pou li pote gadav epi danse , se konsa Tinèg vin ougan, li kontinye mete entèlijans li deyò lap fè kòb nan tout kondisyon men pèsonn pat janm konsidere misye kòm yo move je, ougan an Desann vini rete nan Mayisad, li te rete zòn Teren fout bòl Mayisad la.

Moun te konsidere li kòm yon sitwayen pezib, misye vin nan touye moun lage nan yon gwo tou, li te fouye andedan badji a. Divès moun akize bòkò Tinèg nan disparisyon; Dieugran fleurima alias tikepi, Odiles ak divès lòt ankò.misye te toujou renmen pataje lajan ak moun ki nan nesesite sitou sila yo ki nan antouraj li yo . Pou tout akizasyon sa yo lapolis debake lakay li nan mayisad yo boule kay li nan sant vil la, lè sa a li retounen bwapini, li kontinye ap fè menm aksyon yo ankò. Lapolis monte al reboule kay misye ankò .

PIBLISITE PEYE

Teluis Theliscat sete tou yon kandida pou pòs kazèk sou banyè PHTK kote misye rive pèdi eleksyon yo, e sete Renold Regne( Yonal) PHTK te imilye ki te al kandida nan renmen Ayiti ki ranpòte eleksyon an malge li pat gen gwo la lajan. Aprè rezilta yo, menm moun fou sezi paske se Yonal ki genyen eleksyon an .
Yonal te vin gen gwo difikilte, li pat ka mete pwent pyel pou rantre nan seksyon an, kote bòkò Tinèg otopwoklame tèt li kazèk seksyon an. Tinèg te eanplase Jij ak la polis ,li bat lè lide l dil , li touye lè lidel dil.

Bòkò a boule anpil kay ,li touye epi disparèt plizyè moun, pami moun sa yo nou ka site :Noël septembre ,Aneson Fransoir, Dieugran Fleurima, Delan Delané ,Ronel aristène (pakwè) ak divès lòt ankò.
Bòkò a boule mache madanjwa a plizyè repriz , li boule plizyè kay pou Noël , li boule pou wilfrid ak plizyè lòt moun ankò .

Pou li te fè tou sa, li toujou jwenn sipò otorite ki eli mnan menm pati li te kandida a malgre li pat genyen eleksyon yo. Tinèg konn kòmanse fè jijman epi li voye li devan Jij nan komin Mayisad pou yo kontinye dosye a. Pouvwa li te san limit nan seksyon an, li domine yon pati nan depatman latibonit komin tirivyè senkyèm seksyon pewoden, kazèk zòn sila vin san pouvwa.
29 dawout 2021 yon gwo dyèl pete ant ekip kazèk yonal ak ekip bòkò Tinèg la, anpil kay boule, plizyè moun fè vwèl pou peyi san chapo, popilasyon te apiye ekip k ap chase ougan an, bòkò a te oblije ki te zòn nan ak tout patizan l yo, pèsonn pat konnen kote yo te ye.

se ak anpil jwa popilasyon Masad aprann nouvèl lanmò bòkò a nan komin lyankou. Anpil Tafya koul , se gwo festin, lanbi jwe paske gen yon move je ki tonbe, konsa tou gen kèk sitwayen kap kriye nan mouchwa paske yo pèdi yon alye .

  Cenes JOSEPH, Mayisad, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841