La dwàn se youn pami enstitisyon nan peyi Dayiti ki la pou kolekte lajan pou pèmèt Leta byen foksyone epi fè pwojè dirab.
Nan lide pou fasilite travay sila, yon gwo rankont rive reyalize vandredi 12 Dawout 2022 a ant Administrasyon jeneral dwàn nan ak divès reprezantan patwonal. Yon rankont ki te dewoule nan sal konferans Biwo Ayewopò a.

Nan chita pale Sila, nouvo Direktè jeneral ladwàn nan, mesye Julcène Edouard fè konnen p ap gen rezilta nou bezwen an, si pa gen yon dyalòg ak tout sektè ki gen rapò de pwoksimite ak administrasyon an. Li kontinye pou li fè konnen rankont Sila te dewoule sou modènizasyon nan kontwòl dwanye ak pwosedi ke lalwa egzije yo, epi batay kont fwod ak kontre bann ki se yon pwoblèm pou peyi a.

PIBLISITE PEYE

DG a kontinye pale pou li fè konnen, se pa yon denye rankont l ap oganize ak aktè enpòtan sa yo, paske se yon echanj ki dwe kontinye pou yo ka jwenn rezilta y ap chache a, epi travay sou yon dokiman pou bay popilasyon an plis detay sou ladwàn pou yo konnen pi byen wòl ak kisa ladwàn ap regle .

Pou mesye René Auguste ki te reprezante AMCHAM nan chita pale Sila fè konnen rankont la te byen dewoule paske direktè a di li ouvri pou dyalòg , li konnen pwoblèm yo anpil nan dwàn nan men l ap batay pou korije sa ki dwe korije yo. Reprezantan AMCHAM fè kwè se yon bon nouvèl pou peyi a.

Nap raple nan echanj sila te gen reprezantan; AMCHAM, ADIH, ATH, CCIH-CCIO, CCIHC ( Canado ), CFHCI ( Franco )…

Rankont Sila senbolize espwa pou peyi a, lè nou konstate kijan kontrebann ap taye banda nan divès dwàn ki sou ti bout tè papa Desalin nan.
Eske dyalòg sila ap pèmèt gen yon amelyorasyon tout bon vre ? Yon revèv tout vrè ayisyen swete ki vin yon reyalite .

Cenès JOSEPH, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841