Direksyon Jeneral Lapolis-Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik/ DDC-Arestasyon/ Lapolis nan Depatman Sant arete 9 endividi.

Lapolis nan Direksyon Depatmantal Sant mete anba kòd plizyè jèn gason ayè jedi 18 Dawou 2022. Endividi sa yo soti nan diferan andwa nan depatman Sant ak Lwès.

Endividi sa yo se:

1-Yvenson Deshomme, 18 lane, moun Mayisad. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

2-Lucner Charles, 30 lane, moun Mayisad, lokalite Savann. Lapolis arete l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

3-Clodener Charles se moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou brakaj ak asosiyasyon malfektè.

4-Joseph Djimy, 24 lane, moun Mayisad. Li jwenn arestasyon l pou vòl.

5-Evens Lefève, 36 lane, moun Pòtoprens, zón Bèlè. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

6-Joadson Declé, 27 lane, moun Pòtoprens, zòn Lilavwa. Li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

7-Alastil Jean Kenold, 21 lane, moun Mibalè, li soti Lilavwa (Komin Kwadèboukè) epi li arete nan komin Tomasik pou ankèt SDPJ.

8-Alexandre Joadjimy Choverne, 21 lane, moun Tomasik. Lapolis arete l pou ankèt SDPJ.

9-Wadson Jean, 19 lane, moun Ench. Endividi sila arete pou vòlè telefòn.

Pou konnya, tout endividi sa yo fèmen nan gadavi pandan dosye yo ap prepare pou y al reponn kesyon devan enstans sa konsène pou swit legal.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841