Sou lidèchip Lidè Pati Politik Pitit Desalines nan, Ansyen Senatè Moïse Jean Charles, plizyè milye moun te pran lari nan vil Okap jodi lendi 22 dawou 2022 a pou mande desann dola Ameriken an pou lavi chè a ka bese.

22 dawou nan listwa Ayiti rete yon dat istorik ki charye dèyè l yon veritab patrimwàn pou limanite jan UNESCO (Òganizasyon Nasyonizi pou Edikasyon, Syantifik ak kiltirèl) te deklare sa nan lane 1998 » Jounen entènasyonal souvni kòmes esklav ak abolisyon l. Dat sa ki vle di pou Ayisyen, koupe fache yo ak sistèm kolonyal esklavajis la, eksplwatasyon, maltretans, rasis,…Se nan kontèks sila ak tout revandikasyon dat sa charye sou do l, Lidè Pati Politik Pitit Desalines nan, Moïse Jean Charles te lanse yon manifestasyon nan Nò peyi a, prensipalman nan vil Okap, aprè pèp la te pase plizyè lane depi yo pa t janm tande bri l nan lari a.

Manifestasyon Okap

Alòske moun nan opozisyon politik tradisyonèl nan peyi Ayiti a te ofri jenès la barikad kòm avni yo, nan yon mòd pwojè politik sengilye ki abouti avèk asasina lach Prezidan Jovenel Moïse, lè yo rive nan pouvwa se nan derizyon yo tounen pèp la e pran plezi mennen sou li, bat li, 3, 4 5 a 0. Erezman zye pèp la tikras pa tikras ap kale. Se jisteman sa ki koz echèk opozisyon tradisyonèl saa nan inisyativ briganday yo ta vle pran nan kapital la. Yo pa fè resèt nan Pòtoprens nan manifestasyon ki tente ak fòlkloris yo Pòtprens, se pou sa yo oblije voye kò yo nan lòt rejyon nan peyi a pou kontinye manipile mas pèp Ayisyen an.

Nimewo 1 Pati Pitit Desalines nan evite kapital peyi a, li rantre nan Nò pou l manifeste, kote plizyè milye moun te pran lari ak Lidè popilè a ki reklame l de gòch, l ap defann sak pi mal yo, te kouri nan plizyè ri nan dezyèm vil peyi a «Okap» ak anpil pankat nan men, chaje eslogan tankou : lavi chè, ensekirite, fòk dola desann e konsa tou, nou te remake drapo nwa ak wouj, drapo peyi Larisi, lachin elatriye.

Manifestasyon sila a ta pral kanpe sou plas ki nan vil la, se la plizyè manm nan ekip doktè Moïse la ta pral pran lapawòl pou eksprime pozisyon yo e rezon ki pouse yo manifeste jounen 22 dawou 2022 a.

Si zansèt nou yo te itilize metòd boule plantasyon ak pwopriyete kolon yo nan epòk kolonyal la pou yo te mete fen ak sistèm esklavajis la, ebyen ansyen Senatè Moïse Jean Charles ta sanble panse menm metòd sila ta ka ede pou mete fen ak sistèm k ap peze souse peyi a, nan diskou lidè a , li t ap site non bank yo epi patizan li yo sou ensistans li t ap reponn: boule bank yo. boule bank yo. Èske se youn nan mwayen k ap pèmèt dola a bese pou lavi chè ka bese tout bon vre?.

PIBLISITE PEYE

Paralèlman, Gouvènè Bank santral peyi Dayiti a, M. Jean Baden Dubois fè konnen nan yon konferans pou laprès li bay lendi 22 dawou 2022 a, BRH pral achte 150 milyon dola US pou yo kapab ranfòse goud la. Gouvènè Dubois pa presize dat lajan sa a ap disponib.

Anpil moun k ap reflechi e ki pa manipile pa diskou politisyen rat do kale ka prese konprann 150 milyon sa a Gouvènè BRH la pral achte a ap genyen gwo enpak sou ekonomi an, sitou sou goud la ki ta ka fè yon ti respire. Mande Gouvènè BRH la èske li mezire enpak sila, li reponn pa genyen omlèt san kase ze. Toutfwa, goud la ap respire timidman anba dola a. 126.96 gdes pou yon dola 22 out 2022 se afich saa BRH bay poutan lari a li nan 105 gdes, yè li te a 150 gdes nan lari a.

Èske se pa t enfòmasyon sa yo Senatè Moïse Jean Charles te genyen nan bon ti mamit ki fè l te kouri anonse manifestasyon sila a nan vil Okap menm jou 22 dawou a Gouvènè a bay konferans lan ? Èske Senatè Moïse ta genyen ekip li nan BRH k ap ba li enfòmasyon? Pouki Senatè a pa t janm lanse manifestasyon pandan yon lane wa Henry-II genyen sou pouvwa a?

N ap raple, nan tout diskou Lidè popilè Pati Pitit Desalines nan, li pa manyen ditou movèz gouvènans wa Henry II a, sa ki ta fè konprann li sanble pa gen okenn pwoblèm ak gouvènman defakto a, men se ak bank yo nan peyi a li gen pwoblèm. Kiyès ki la pou regilarize bank yo? Se Leta. Kiyès ki nan tèt leta. Ariel Henry ?

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....