Youston Louis-Juste, 32 lane, bra dwat Lanmò San Jou e ki soti nan Sarazin, 2èm seksyon komin Mirebalais, lapolis arete li yon dezyèm fwa nan komin Mirebalais, lokalite « Pilon », lendi 22 Dawout 2022 a.

Anvan sa, li te yon ansyen chèf gang ki tap simen laperèz ak dèy nan mitan popilasyon Mirebalais anvan yo te arete.

Yo te tire li pandan premye arestasyon sa a, Youston Louis-Juste t ap resevwa tretman nan Lopital Inivèsite Mirebalais (HUM), kote li te sove.

Depi lè sa a, li pran refij nan Croix-des-Bouquets, li rantre nan gwoup gang Lanmò San Jou a ki pote non 400 mawozo. Yo arete li ankò lendi 22 out 2022.

Li kounye a nan prizon annatandan aksyon legal yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841