Depi aprè anons gouvènman an pou ogmante pri gaz la lendi 12 Septanm 2022 plizyè sitwayen nan kapital la tankou nan vil provens yo pran lari pou di non ak desizyon sila. Alòs, pou montre dezakò yo, sitwayen yo mete peyi a sou mòd lòk depi koumansman senmèn nan. Si gen kote anyen p ap fonksyone, gen lòt se dechoukay, piyaj ak dife.

Plizyè depatman te wè jou anba gwo mouvman leve kanpe Mèkredi 14 Septanm 2022. Nan Ti Gwav protestatè yo te rive sakaje Pakè e rantre nan SOGEBANK. Sitiyasyon sa yo pat diferan nan Nò peyi a. Nan Lwès, plizyè zòn pa gen aksè pou pyeton menm pyeton alewè pou machin pou jan barikad yo monte ak baryè an fè epi machin ki kanpe ankwa sou wout yo. Wout nasyonal #1 bloke depi nan zòn Akayè. Si gen gen kote yon bò wout yo bloke ak barikad. Nan nivo Dèlma sitwayen pote ale yon kofrefò yon bank, yo rantre nan plizyè magazen épi pote ale sa yo jwenn.

PIBLISITE PEYE

Protestatè yo nan kòlè yo pa epanye pèsòn si nan jou anvan yo, yo te manke boule kay André Michel ki se alye pouvwa ki la, yè jedi 15 Septanm se te kay Rica PIERRE ak Edmonde SUPPLICE BEAUZIL yo te atake, e menm manke mete dife nan lokal Televizyon Nasyonal Dayiti (PNH).

Nan Gonayiv chèn mobilizasyon an te men longè e mobilizatè yo menm gen tan piye e pote ale manje ak aparèy ki te nan lokal Caritas ak PAM (Program Alimantè Mondyal).

Yon pati nan Pèp lan nan lari ap lanse pawòl piman bouk kont ekip ki la, ap mande pou premye minis Ariel HENRY lagel pyel paskel pa vle tande ni wè gaz kap gwonde nan vant yo, menl pito vle ogmante doulè gaz yo. Seri mouvman sa yo vini a yon mwa rantre lekòl la,
kote mizè a pa sispann taye banda, gaz la toujou pa disponib nan pop yo, ensekirite a ap pran lajè chak jou pi plis, sann pa bliye anviwonman an peyi a ki anemi.

PIBLISITE PEYE

Antouka, lanp protestatè yo limen, se vre nou pa konn pou ki jou yap kite lari a, men yap chèche Doktè a.

Réginal LOUIS, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841