Pòtoprens, vandredi 16 sektanm 2022.- ; Direksyon Platfòm Nouvèl Ayiti koube l byen ba pou l salye laprès ak tout pèp ayisyen an. PNA santi l revòlte lè l ap gade nan ki dimansyon rejim PHTK a redui lavi pèp ayisyen an. Rejim sila a fè gaz ki se yon pwodui ki enpòtan nan lavi tout moun tounen yon bagay wololoy kote se gwo ponyèt yon malere ki pou fè w ka jwenn yon ti bagay pou fonksyone.

Malgre pèp la pa ka manje, pèp la pa ka sikile paske bandi ap kidnape, touye l, boule l, sa pa di dirijan leta yo anyen. Okontrè yo fè mòd vi sa a tounen yon bagay nòmal pou pèp ayisyen.

Jou ki te samdi 20 dawout 2022 a, bandi ak zam boule yon manman ak 2 pitit, leta pa di way, bandi ap koupe tèt polisye epi boule yo, leta pa di anyen, kidnaping ap fè ravaj an silans paske medya pa twò pale de sa ankò, yo kenbe legliz katolik episkopal nan vann zam pou touye pèp ayisyen, okenn mezi pa pran kont legliz sila a.

Eskandal kòripsyon pasi pala nan tout administrasyon piblik la, leta pa janm arete pèsonn. Kòripsyon ak lavi chè lakoz gen timoun ki gen 8 lane ki poko janm konn ki gou yon poul peyi genyen paske bèl manje se bagay grannèg, sa pa di mouche leta anyen…

Se kòmsi sa pa t sifi, Premye minis kò gwoup la deside l ap monte pri galon gaz la nan menm nivo ak salè minimòm peyi a (685goud) sou pretèks leta pa ka kontinye sibvansyone gaz.

Kilè leta te sibvansyone gaz la ? Menmsi l te sibvansyone l, poukisa dirijan yo vle elimine sèl grenn ti avantaj pèp ayisyen jwenn nan men leta ayisyen ? Kot kòb salè ak pil frè 119 depite ak 20 senatè yo pase ? Kot kòb salè ak frè prezidan repiblik la fè ? Kot kòb dola senkant y ap pran sou transfè dyaspora yo ? Kot kòb y ap pran sou apèl entènasyonal yo ? Poukisa leta pa rekipere ladwàn nan men moun li fè kado yo pou koze biznis pèsonèl yo ?

Okenn lopital serye pa resevwa kat OFATMA a, poukisa leta pa retire l nan men moun li ye a pou sèvi pèp ayisyen avè l ?

Mesyedam nou mechan anpil, SDP ou kriminèl, PHTK ou dwe sispann bwè san pèp la.

Nan moman difisil sa a, pèp ayisyen dwe pran plim li pou l make non tout moun ki ap souse san l, pa kite yo vin pase pou sovè nou. Pa okipe pèsonn ti visye mètdam ki te nan pozisyon pou chanje lavi nou men ki te chwazi toupizi nou fè tèt yo pase pou moun ki renmen nou akoz yo pa ka kontinye souse. Pèp ayisyen kale je w, veye yo paske yo chanje koulè kou agranman.

PNA di byen fò pri gaz la pa dwe monte nan moman an paske nou p ap ka sipòte konsekans monte pri gaz la nan kontèks nou ye a, menmjan okenn politisyen rat do kale pa dwe ap fofile nan batay pèp la pou al fè l sa SDP sot fè l la. Nou p ap pran nan kou a 2 fwa e PNA kwè pèp ayisyen gen kapasite pou l idantifye tout moun k ap chache sove tèt yo pendant y ap antere l tou vivan.

Viv yon Ayiti kote tout moun ka viv tankou moun, kote sante, ledikasyon, lwazi va sispann yon rèv pou pèp ayisyen.

Yon Lòt Ayiti posib ak moun ki renmen peyi a, ki onèt e ki kapab gade entènasyonal la nan je.

Pou Direksyon Platfòm Nouvèl Ayiti (PNA) :

Vénel BOZILE, Kòdonatè Nasyonal ;

Frantz Mackenzie LAINÉ, Sekretè Jeneral ;

Valéry COQUILLON, Pòtpawòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841