Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè mande pou Premye Minis Ariel Henry kite pouvwa imedyatman, ansuit pou yon ekip gouvènmantal tou nèf pran tèt leta pou pèmèt yon tranzisyon koupe fache tabli pou rive mete baz lòt leta a pèp la ap egzije a nan yon nòt yo mete deyò vandredi 16 sektanm 2022 a.

Yon lot bò, Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo bat yon gwo bravo pou mas Popilè yo ki leve kanpe nan kat kwen peyi a, pou denonse ensekirite, grangou, ogmantasyon kriminèl pri gaz la ak enjerans CORE GROUP la epi pou mande sitou depa Ariel Henry ak akolit li yo nan tèt leta a. Yo fè konnen pouvwa gang PHTK a, boujwazi mafya a akolit li yo nan entènasyonal la soti pou fè peyi a tounen yon lanfè, kote se gang yo ki se ouvriye politik PHTK ak kò gwoup k ap fè sa yo pi pito, ki se yon mannyè pou yo kreye tout kalte ensekirite ki ka pèmèt yo vòlò latriye richès peyi a.

PIBLISITE PEYE

Konbit la mande pou popilasyon an anjeneral monte barikad yo pi wo toujou, pou fòse Ariel Henry kite pouvwa a rapidman. Pandan wikenn sa sitou, soti samdi maten pou rive dimanch a midi, yo mande popilasyon an pou li kreye yon ti koulwa pou pèmèt manje ak dlo ka pase, pou popilasyon an kite koulwa pou anbilans ki pote malad pase epi apre nou dwe fèmen pi rèd, monte nivo mobilization an pi wo.

Konbit la mande aktè Montana yo ak tout lòt aktè ki wè enterè peyi, ki konprann nesesite kole zepòl rapid pou jwenn prese prese yon solisyon kòrèk ki nan enterè mas pèp la ki leve kanpe nan tout peyi a. Yo kwè fòk yo jwenn yon antant prese prese sou ekip gouvènmantal ki dwe ranplase rapidman ekip defakto Ariel Henry a nan tèt leta a ak sou yon pwogram politik, ekonomik, sosyal ki dwe aplike pou soulaje pèp revandikatif la ki nan gwo soufrans e ki leve kanpe pou egzije liberasyon peyi a anba rejim gang PHTK a, anba kidnaping, anba grangou, lavi chè, ogmantasyon kriminèl gaz la, anba enjerans meriken, Kò gwoup.

Piblisite peye

Yon nòt ki pote siyati:

Patrick Joseph
Guy Numa
Jean-Paul Bastien
Olrich Jean Pierre
Josué Mérilien

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841