Mesye dam akò Montana yo ki genyen ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm prezidan ak ansyen Senatè Steven Benoit premye minis nan trazisyon koupe fache y ap pwone a genyen dezakò nan aplikasyon akò a.

Biwo suivi akò Montana a ak lòt òganizasyon siyatè akò sa denonse ak tout fòs yo manèv manipilatwa BINUH ak yon dirijan VDH ap tante fè pou al pote kole ak premye minis Ariel HENRY nan yon nòt yo mete deyò ayè dimanch 25 Septanm 2022 a.

Mesye Dam BSA yo mande pèp ayisyen an pou yo vijilan, kale je yo pou wè move zangi ki soti pou al pote ranfò ak chef primati a ki soti pou dechèpiye yo ak mòvèz gouvènans lap pratike yo.

Selon nòt sila, Biwo swivi akò Montana deklare yo pa anchepe pèson al dodo meya nan pouvwa a, sepandan yo dwe evite ale nan non akò Montana. Biwo a kontinye poul di yo p ap antre nan dinamik al krache sou mouvman pèp la e sitou yo gen yon dokiman ki defini klèman yon solisyon ak kriz ki la a kap brase bil peyi a; «Élément pour un élargissement du consensus politique/ Montana PEN un consensus politique national entre les acteurs politiques, économiques et sociaux».

Yon bò dirijan yo fè konnen yap travay pou pote yon mèyè solisyon ak kawo Ayiti ap fè fas la epi pèmèt peyi a trape souvèrentel li pèdi pandan yon bon bout tan. E yon lòt bò yo fè konnen yo prè pou travay ak nenpòt estrikti ki vle pote bourad yo nan travay sila a.

Yo fini pou di kèlkeswa moun oubyen òganizasyon ki al pote kole nan siyen dokiman ki pote non Consensus national pour gouvernance participative et des élections inclusives se afè pa yo yal regle e non zafè pèp.

Reginal LOUIS, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841