Mouvman protestasyon yo kontinye nan vil Gonayiv toujou ak vyolans.

Byen bonè lendi 26 septanm 2022 a,Vil Gonayiv konnen yon jounen tansyon, kote moun yo pa idantifye mete dife nan biwo ministè ekonomi ak finans plis lameri. Aprè zak sa sitwayen yo nan vil Gonayiv foule beton an pou mande PM Ariel Henry kite tèt primati a .

sitwayen yo barikade tout kote nan 4èm vil peyi a epi pakouri nan plizyè ri nan site endepandans lan. Se te okazyon pou sitwayen yo fè konnen yo p ap kanpe sou mobilzasyon an kise fosè PM Ariel Henry kite pouvwa a swit a desizyon li pran pou monte gaz la mete sou yon latriye pwoblèm yo di y ap konnen pandan dènye tan sila yo.

Pòt pawòl sendika brokè ak debadè waf vil gonayiv la deplore biwo depatmantal ministè ekonomi ak finans plis lameri ki boule a. Li fè konnen ekip li a pran distans ak fòm pratik sa yo e se rezon sila ki fèl pat patisipe nan manifestasyon jounen an.

Nap siyale nan dènye jou sa yo mouvman protestasyon nan site endepandans lan souvan genyen kraze brize ak dechoukay.

Israël CEDIEU, Gonayiv pou Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841