Yon jou tankou jodi a
Madi 27 Septanm 2022. Nou nan 270èm jou, 39èm senmèn e 9èm mwa pou ane a.
Rete 95 jou anvan nou pran 31 desan

Kisa ki te rive yon 27 Septanm

1540 Pap Paul III rekonèt konpayi Jezi a

1601 Yon ekspedisyon ispano-italyèn kont peyi Aljè e André Doria dirije echwe

1818 Plizyè reprezantan peyi Otrich, Lapris, Larisi ak Langletè reyini nan Aix-la-Chapelle pou diskite sou lajan gè Lafrans te vèse

1843 Gouvènman Rivière Hérard pran yon arete pou fèmen tout pò ki nan pati ès (peyi panyòl)

1854 Bato arctic koule nan oseyan Atlantik ak 300 moun ladanl

1922 Wa Constantin degèpi nan peyi Lagrès

1923 Lalwa Masyal proklame nan peyi Almay

1936 Lafrans, Lasuis ak Peyiba abandone letalon-ò

1938 Sosyete nasyon yo deklare peyi Japon koupab pou agresyonl sou peyi Lachin

1939 Vil peyi Lapolòy, Vasovi fè bak aprèl fin 190 jou ap reziste ak troup Almand yo

1940 Lalmay, Litali ak Japon kreye yon aks Bèlen-Wòm-Tokyo épi siyen yon pak militè e ekonomik 10lane

1959 Yon tifon tiye anviwon 5 mil moun nan lil japonèz Honshu

1962 Kolonèl Abdallah El-Salah vin chèf gouvènman peyi Yémen

1964 Komisyon Warren pibliye rapòl sou ansasina prezidan John Fritz Gérald Kennedy kote se Lee Harvey Oswald ki se sèl koupab

1968 Lafrans opoze ak rantre Lagrand bretay nan mache komen an

1970 Wa Hussein nan peyi Jòdani ak Yasser Arafat reyini nan vil Kè peyi Ejipt siyen fen afrontman ant palestinyen et fòs jòdanyèn

1989 Palman slovèn aprouve separasyonl ak Yougoslavi

1990 Premye chèf eta peyi Aljeri Ahmed Ben Bella retounen nan peyi a aprè 10zan egzil

1991 Prezidan Jn Bertrand ARISTITE prononse yon diskou sou Pè lebren aprèl sot patisipe nan asanble jeneral ONI

2002 Timor-Oriental vin 191è manb LONI (Òganizasyon Nasyonzini) aprèl fin jwenn endepandans li

2005 Lynndie England kondane poul pase 3 lane nan prizon.

Jodi a se jounen mondyal tourism
Se fèt Lil Wayne, rapè ameriken.

Provèb jounen an di: Bèf douvan bwè dlo klè

Reginal LOUIS, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841