Devan konsèy sekirite nasyon zini an, reprezantan ONU an Ayiti dekri kriz peyi kòm yon katastròf imanitè.

Reprezantan espesyal sekrektè jeneral nasyon zini ak chèf biwo entegre ONU an Ayiti a (BINUH), prezante kriz ayiti a devan konsèy sekirite ONU an lendi 26 septanm 2022 a.

Madam La Lime rezime kriz la nan 3 gran pwen sa yo:

  • kriz vyolans ensekirite.
  • kriz ekonomik
  • kriz politik

Madam La Lime fè konnen devan konsèy la kriz ensekirite a lye ak gang yo k ap teworize popilasyon an ki pèmèt plis ke 20 mil moun pati kite kay yo, sa ki provoke yon kriz ekonomik ki toufe peyi a. Ki bay tou yon ogmantasyon pri manje nan peyi a ak rate gaz la.

Li kontinye pou li di, li estime genyen anviwon 1.5 milyon moun ki afekte direkteman pa aktivite gang yo.

Reprezantan espesyal sekretè jeneral ONU Ayiti fè konnen twoub politik yo agrave depi aprè 11 septanm premye Minis Ariel Henry fin lanse apèl dyalòg ak aktè politik yo pou brase lide pou yo ka reyalize eleksyon nan fen ane 2023 a. Nan demen 12 sektanm 2022 a, barikad anpil kote nan peyi a paralize sikilasyon an pandan anviwon 5 jou jiskaske lapolis vin entèvni.

Li rapousib poul di group gang yo ki mete tèt yo ansanm bloke wout ki bay aksè ak tèminal vare a lakoz yon grav kriz gaz nan peyi a ki menm afekte lopital yo.

Madam Helen La Lime fini pou rapòte konsèy sekirite a ke li wè kèk siy ankourajan kote pati politik yo, sosyete sivil la, reprezantan gouvènman an, ak sektè prive a pou jwenn yon antant retabli lòd nan fiskalite peyi a.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....