Yon represyon kriminèl kont Manifestan yo nan peyi Iran

Gouvèneman Iranyen an, ap itilize vyolans kòm represyon pou met fen nan manifestasyon ki pwopaje prèske sou tout teritwa iranyen an, depi 16 septanm 2022, aprè lanmò yon jèn Dam, Masha Amini 22 lane ke lapolis te arete  pou zafè bòn mès. Estrateji sila te deja pote fwi depi dènye fwa te gen gwo mobilizasyon nan peyi an.

An 2009 fas ak plizyè mouvman tankou : yon mouvman vè, ki te karakterize yon fwod elektoral oubyen gwo manifestasyon antigouvènemantal, 2017-2019 ki te fèt akoz pwoblèm sosyo-ekonomik sa ki vle di ogmantasyon pri yo. Pouvwa Iranyen an sanble detèmine pou kwape tout kontestasyon ki vle mete ajisman gouvèneman an, an kesyon.

Konfwonte ak yon lòt vag kontestasyon, depi 16 septanm 2022, dat lanmò Masha Amini 22 lane kite arete nan Téhéran, pou rad inapwopriye, otorite iranyèn yo chwazi yon lòt fwa ankò vyolans kòm estrateji represiv.

Anviwon 76 moun mouri nan manifestasyon yo.

Yon bilan ofisyèl ke manifestan ak fòs lòd yo bay fè konnen gen anviwon 41 moun mouri pandan 10 jou pwotestasyon yo. Sepandan bilan an ka pi grav selon sa ONG : Iran Human Rights ( IHR ) ki rapòte ke gen anviwon 76 moun mouri nan 14 pwovens pandan manifestasyon yo. ONG a konfime ke li gen an posesyon l videyo ak sètifika desè ki konfime gen moun ki viktim ak bal reyèl nan manifestasyon yo, ONG a presize ke gen 6 fanm ak 4 timoun pami viktim yo.

Chèf pouvwa jidisyè a Gholamhossein Mohseni Ejeï, menase pou l entransijan fas ak manifestan yo, epi mande fòs lòd yo pou yo aji fèmeman kont tout mouvman ki ta vle menase sekirite nasyonal la.

A kote bilan lanmò yo, Téhéran anonse arestasyon anviwon 1200 manifestan sou teritwa Iranyen an, yon lòt kote asosiyasyon (CPJ) ki se《Comité protection journalistes 》
Fè konnen otorite Iranyèn yo arete 18 jounalis depi kòmansman pwotestasyon yo.

Kredi: France24

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841