Asanble jeneral nasyonzini se enstans ki karakterize elaborasyon politik divès nasyon yo.
Li rasanble tout eta manm yo epi ofri yon espas diskisyon miltilateral inik pou abòde yon ansanm tèm ki enkli anndan chat nasyonzini an.
Asanble jeneral la reyini chak ane, nan sesyon òdinè nan mwa septanm ak desanm nan peyi Etazini, nan vil Nouyòk, ak nan lòt period depandamman de bezwen yo. Rankont sila egzamine kesyon ki gen pou wè ak pwen espesifik, oubyen pwen ki gen pou wè ak òd jounen an, nan objektif pou adopte rezolisyon k ap pèmet yo fè fas ak anje mondyal yo, notamman sa ki menase lapè ak sekirite nan mond lan, epi ede eta manm yo sitou peyi yo rele peyi sid yo fè fas ak difikilte ekszistansyèl yo.
Se nan demach sila nasyonzini te òganize 77è asanble jeneral li pou ane 2022 a, kote reprezantan 193 eta manm li yo te la, yon lòt fwa ankò pou pale de pwoblem ke mond lan ap fè fas, kidonk Ayiti pat ekskli.
Ayiti ap fè fas ak yon kriz san presedan depi byen lontan ki vin anpire aprè lanmò 58èm prezidan repriblik lan. Ayiti te sipoze reprezante pa premye minis Ariel Henry ki okipe pi wo fonksyon nan Leta, sepandan pou rezon politk Pm nan pat ale selon sa biwo kominikasyon l te rapòte, men li te voye minis afè etranje an Jean Victor Généus nan plas li. Sepandan Ayiti pa sispann fè pale de li nan mond lan espesyalman akoz mouvman pwotestasyon yo ki karakterize fenomèn lòk lan.
Ayiti nan 77è asanble nasyonzini
Ayiti te jwenn yon atansyon espesyal devan lidè mond lib yo notamman devan youn nan ògàn prensipal nasyonzini ki se konsèy sekirite, ki gen pou wòl asire lapè ak sekirite nan mond lan.
Nan reyinyon espesyal sila ki fèt nan objektif pou mete pwoblèm Ayiti a sou tab la, epi adopte rezolisyon pou palye ak kriz peyi Desalin nan ap fè fas. Minis afè etranjè Ayisyen Jean Victor Généus, deklare ke sitiyasyon Ayiti an globalman sou kontwòl, sa ki ta vle di koze ensekirite, kidnapin, zak piyaj yo, gè gang yo ak kriz gaz la rezoud paske tout bagay retounen nan kalm yo, deklarasyon sila fè tole nan medya lokal yo ni nan medya etènasyonal yo notamman Prezidan peyi vwazen an Louis Abinader kite gen yon lòt diskou de sitiyasyon an.
Gras ak revolisyon ak evolisyon teknolojik yo mond lan vinn yon vilaj paske transmisyon enfòmasyon yo prèske fèt ak vitès limyè, kidonk evidans vini yon senp detay sitou pou peyi ki konstitiye nasyonzini yo, pa konsekan deklarasyon minis lan parèt tankou yon ensilt ak yon wont pou nasyon ak nan zye mond lan plis ke pwopo yo evidan, donk nenpòt moun ki sanse ta ka mande èske minis lan ak tout gouvèneman an pa pran tèt li o serye oubyen se nasyonzini yo pa pran oserye. Paralèlman deklarasyon sila montre aklè ke dirijan peyi D’Ayiti pa pran ni peyi a ni mouvman popilè yo oserye.
Anpil gwo teworisyen fè konprann ke politik se yon zouti ki pèmèt yo òganize yon sosyete nan objektif pou garanti yon byenèt sosyal de fason kolektiv, sepandan depi aprè adopsyon nouvo kontra sosyal Ayiti a ( 1986 ) peyi a ap evolye de kriz an kriz.
Jefferson Bonissant, Centre à la UNE