Aprè yon gwoup moun te fin atake Mica plaza restoran epi mete dife nan ponp gaz Senatè Rony Celestin nan vil Ench jou kite jedi 22 septanm 2022 a, Flood Louis kondane zak sila etou lanse yon apèl lanmou ak lapè.

Nan yon entèvyou li akòde ak jounal Centre à la UNE, mèkredi 28 septanm 2022 a, Flood Louis, kòdonatè depatmantal pati politik Ayiti An Aksyon《AAA》nan plato santral, deplore enèjikman atak ki fèt sou biznis Senatè Rony Celestin yo nan vil Ench, chèf lye depatman sant peyi Ayiti.

Kòdonatè a deplore ak tout fòs li zak briganday sila ki lakoz yon jèn gason pèdi lavi l ak yon lòt blese grav.

Li kontinye pou di li kondane tout zak vyolans ki vize detwi lavi ak byen moun kèlkeswa orijin li, koulè li, kwayans li ak apatenans politik li. Kòdonatè a fè konnen jan de aksyon sila yo pa fè onè ak valè nou kòm moun k ap viv ak evolye nan yon sèl kominote ki se Plato Santral.

Flood Louis fè konnen moman an bezwen plis lanmou, plis inite, plis fratènite pou nou ka chanje espas kote n ap viv la. Li mande pou mete jalouzi ak fistrasyon de kote paske l ap rann nou mechan epi vyolan, li enpòtan pou pou nou kore youn lòt.

Flood pousib pou l envite otorite ki vizite lòt peyi yo aprann imite sa yo wè aletranje epi vin envesti lakay. Jodi a, Senatè Rony Célestin vinn envesti lakay li nan depatman, pou li rann li pi bèl ak kreye travay pou jenn fanm ak jenn gason.
Nou te toujou gen difikilte pou nou di kote nou rete nan vil la. Jodi a se avèk fyète pou yon moun di: « Mwen pral nan MIKA, mwen pral RODE. »

An n sispann fè amalgam, an n kore MIKA pou antreprenè a paske se yon patrimwàn pou depatman an. Kidonk, an n aprann konseye ak oryante politisyen an nan apwòch li pou nou ka genyen yon lòt depatman.

Kòdonatè a fini pou di: Ayiti An Aksyon se la nou fèt, se la nou grandi, fòk nou chanje sa.

Fodner Pierre Louis, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841