Seleksyon Nasyonal Ayisyèn anpite a (Andikape) ap patisipe nan 16èm edisyon koup di mond k ap dewoule nan peyi Latiki. Jounen samdi 1e oktòb 2022 a se te premye soti Grenadye yo. Yon match yo rive metrize nan mete do peyi Liberya atè sou yon eskò 4 gòl a 1. Saviola Charles make nan 14èm ak 28èm minit, John Spinoza nan 33èm minit ak Renaldo Richard nan 35èm minit, e pou peyi Liberya, se jwè M. Joe ki make nan 55èm minit sou yon penalite. Yon trè bon debi pou Grenadye yo atravè bèl eskò sila ki fè lonè peyi a.

Pou afwonte 3 lòt ekip ki nan poul A a, (Liberya, Frans, Latiki) seleksyonè Rochenel Pierre fè chwa de jwè sa yo ak tout plas yo jwe.

Gadyen yo se:

Emmanuel Ladouceur, John Baby Jean

Defansè yo se:

Osias Stanley, John Antoine, Fritz Gérald Laguerre, Guyard Merjuste, Alain Israel.

Milye yo se:

Baltazar Mykender, Junior Joseph, Stanley Gustave.

Atakan yo se:

Spinoza John, El Princinpe Redondo Richard, Kervens Cineus, Saviola Charles.

PIBLISITE PEYE

N ap siyale, reglèman FIFA a admèt jwèt foutbòl anpite a gen anpil diferans: kantite longè ak lajè teren yo, wotè ak longè kan yo, kantite jwè chak ekip yo genyen, kantite minit yo jwe…, tout sa yo nèt diferan pa parapò ak jwè k ap evolye nan foutbòl nòmal la.

Kèk lòt patikilarite jwèt foutbòl anpite a genyen : chak ekip ki sou teren dwe konpoze de sèlman 6 jwè, men yo chak dwe manke 1 pye, plis 1 gadyen ki dwe gen yon sèl ponyèt, plis lòt jwè de rezèv. Jwèt foutbòl anpite yo dire 50 minit (25 minit chak mitan). Yon jwè ki teke yon lòt ak beki a, y ap mete l deyò epi y ap bay lòt ekip la yon penalite. Beki a dwe itilize sèlman pou soutni lòt pye jwè a manke a. Epi tou, nan jwèt foutbòl anpite yo pa gen òje ! Se yon jwèt ki alafwa bèl, sikolojik, enklizif e ekonomik, sa ki pèmèt moun anpite yo santi yo menm tou yo gen tout itilite yo nan sosyete a.

Ayiti ap jwe 2e match li nan poul pa li a ki se poul A a, jodi dimanch 2 oktòb la fas ak Lafrans a 9 : 30 nan maten (lè Ayiti) epi l ap jwe 3e match la ki se dènye match li nan poul la lendi k ap 3 oktòb 2022 a, anfas peyi oganizatè a ki se Latiki a 1 nè boul nan aprè midi (lè Ayiti).

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...