Malgre peyi Ayiti ap janbe yon moman difisil nan sa ki gen pou wè ak kriz politik, sa pa anpeche drapo peyi a ap flote byen wo gras ak efò seleksyon nasyonal anpite a ap fè nan mondyal ki òganize nan peyi Turquie

Ayiti reyalize gwo eksplwa nan koup dimond anpite a k ap dewoule nan peyi Turquie. Nan premye tou chanpyona a nan premye match yo fas Liberia Ayisyen yo enpoze yo 4-1, san kanpe yo kraze peyi La France 6-0 epi pou dènye match yo fas peyi òganizatè a (Turquie) yo soti ak yon nil 1-1 nan yon kontèks kote sikolojikman jwè yo ta dwe afekte ak kriz sosyo politik peyi yo Ayiti ap konnen epi fason tou abit santral la t ap mennen match la, malgre sa yo pa sispann fwote bikolò ayisyen an byen wo.

Nan faz de poul yo, Ayiti te jwe 3 match li genyen 2 li fè yon match nil, li make 11 gòl li pran 2 e yo sòti ak trè bon atak epi yon bon defans pou faz de pou l yo, sitou yo fini an 1e pozisyon sou de ekip tankou Libéria, Turquie ak France.

Nan dezyèm faz mondyal la (8èm final) Ayiti gen randevou ak peyi Etazini nan Vil Instanboul peyi (Turquie) demen mèkredi 5 oktòb 2022 a, 9 vè boul nan maten.

Joseph Samuel GUILLAUME

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841