Fini nan twazyèm pozisyon gwoup C Lig dè chanpyon sezon 2022-2023, Foutbòl Klèb Baselòn pral jwe sèzyèm tou final Ewopa Lig daprè atik 6.06 konpetisyon an swit aprè viktwa ekip Entènasyonal Milan sou ekip Viktoria Plzen lan. Atik saa di : « Klèb ki klase twazyèm nan gwoup yo nan fen faz sa a dwe jwe nan sèzyèm tou final koup UEFA nan menm sezon an ».

Daprè syans matematik, Foutbòl Klèb Baselòn elimine nan Lig dè chanpyon an nan faz gwoup yo pou yon dezyèm lanne konsekitiv paske li fini nan twazyèm pozisyon nan gwoup saa menm si rete yon dènye match. « Atik 6.06 konpetisyon an di: klèb ki fini twazyèm nan gwoup yo nan fen faz saa dwe nan sèzyèm tou final koup UEFA menm sezon an » ( NR). Baselòn ki, kou wèl ye laa kalifye nan sèzyèm tou final Ewopa Lig tou senpleman daprè tout kalkil matematik fini nan twazyèm pozisyon nan gwoup C saa ki te gen ladann klèb peyi Almay la, Bayèn Minik, klèb peyi Itali a, Entènasyonal Milan ak klèb peyi Tchèk la, Viktoria Plzen.

Pandan sèt (7) dènye lanne ki sòt pase yo, klèb katalan an gen gwo difikilte nan lig dè chanpyon an lèn konsidere lap konnen eliminasyon epi sitou imilyasyon nan konpetisyon saa. Yon kout je sou pakou ki elimine 5 fwa chanpyon ewòp yo pandan 7 dènyè sezon yo:
Dabò nan sezon 2015-2016, se klèb Espayòl, Atletiko Madrid ki te elimine l nan 1/4 final (2-1, match ale; 2-0, match retou). Answit, nan sezon 2016-2017, se klèb Italyen, Jouventous ki te elimine l nan 1/4 final (3-0 match ale; 0-0 match retou). Eliminasyon l tap rapouswiv nan sezon 2017-2018, sou yon remonte eskò istorik lè klèb Italyen, AS Roma te retire l nan 1/4 final ( 4-1 match ale; 3-0 match retou). Nan sezon 2018-2019, klèb peyi Angletè, Livèpoul te elimine Basa nan 1/2 final sou yon lòt remonte eskò istorik( 3-0 match ale, 4-0 match retou), nan sezon saa, tout koulès sou la tè te kwè ekip yo tap chanpyon pou fòm ekip la te prezante pandan tout pakou konpetisyon an. Nan sezon 2019-2020, jeyan klèb alman saa, Bayèn Minik ki te elimine l nan 1/4 final (8-2, fòma ki te konnen anpil modifikasyon espesyal pandan pandemi Kowona Viris tap ravaje monn lan). Pi prè nou laa, nan sezon 2020-2021, klèb katalan an te elimine premyè fwa nan faz gwoup yo aprè li te fin pèdi meyè jwè istwal Leonel Messi. Epi an fen, jòdi a( 26 oktòb 2022) ( NR), Foutbòl Klèb Baselòn elimine paske lap fini nan twazyèm pozisyon nan gwoup li a aprè viktwa ekip Entènasyonal Milan sou ekip Viktoria Plzen lan daprè tout kalkil matematik yo.

Foutbòl Klèb Baselòn ki rete sou gwo mouvman ranfòse l ak pi bon jwè klas mondyal nan dènye jou sa yo pandan li enkapab fè rezilta pozitif li te konn fè anvan yo devan gwo kadò ewopeyen yo, pou anpil fanatik foutbòl, anpil koules, ekip Baselòn sa a nan rekonstriksyon avèk Xavi Hernandez, yon pitit kay kòm antrenè… men jiskilè faz tranzisyon saa ap pran fen si ekip la toujou enkapab bat gwo ekip parèy li yo? Èske Estaf Direksyon an ap bay antrenè a yon chans pou fè pi bon rezilta ?ou byen, èske lap sipòtel nan pwojè li a menmsi lòt imilyasyon sa a nan lig dè chanpyon an? Nou menm nan jounal centre à la UNE nape rete swiv epi sitou, nape rete tann sak pral pase.

Choumy DENIZARD
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841