Aprè 5 lòt fòfè, blesi Benzema a se yon kout zèklè nan vestyè ekip Frans lan

Nouvèl la tonbe aswè samdi 19 novanm 2022 a, Karim Benzema ki se atakan seleksyon fransèz la ak klèb Real Madrid la, p ap ka jwe mondyal la pou ane sa a k ap fèt nan peyi Qatar. Aprè li fin blese nan yon seyans antrènman jodi a, egzamen yo revele Karim oblije fòfè pou mondyal la.

Avan Karim, seleksyon fransèz la te deja pèdi 5 lòt jwè ki blese pami 25 antrenè Didier Deschamps te seleksyone yo: Mike Maignan, Presnel Kimpembe, N’Golo Kanté, Paul Pogba, Christopher Nkunku.

Malgre tout pèt an resous sa yo ekip la ap konnen, selon tout enfòmasyon ki disponib sou sit 365scores, Raphael Varane ki se youn nan defansè enfliyan ekip Frans lan, gen anpil dout sou li, ki donk, gen gwo posiblite pou li menm tou ta absan nan mondyal la.

A kèlke èd tan de debi mondyal Qatar 2022 a, kote seleksyon Qatar a pral toke kòn li ak seleksyon Ekwatè a, seleksyon fransèz la kontinye pran gwo frap, avan menm yo jwe premye match yo fas ak seleksyon Ostralyèn nan.

Avèk absans tout gwo potansyalite sa yo andedan seleksyon nasyonal fransèz la, anpil moun doute si ekip Frans lan ap menm ka kenbe anfas de lòt seleksyon tankou : Danmak, Ostrali ak Tinizi, pou travèse faz de poul yo, e rive kalifye pou 2e faz mondyal la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841