Manchester United reponn atak Christiano nan yon moman trè espesyal

Tounen nan klèb Manchester United la pou yon 2èm fwa nan dat 27 dawout 2021, nan yon kominike, foutbòl klèb Manchester United fè konnen kontra yo te genyen ak Christiano Ronaldo a koupe madi 22 novanm 2022 a. Kontra a elimine, se paske Christiano te avili vestyè klèb la, lè nan yon konferans li te bay 15 novanm pase a, li pa t kache anyen nan move relasyon l ak dirijan yo.

Aprè anpil tole ki te genyen ant Christiano ak dirijan klèb United yo, sitou aktyèl antrenè a Erik ten Hag, jwè foutbòl la te deklare li santi l enkonfòtab nan klèb la epi antrenè a pa gen respè pou li. Menm jan kèk dirijan klèb la tou te santi yo sanse bouke ak li.

Kantite twoub sa yo nan ekip la konn pèmèt CR7 pase divès match sou ban an, dèfwa li konn pa jwenn chans pou jwe oubyen menm konvoke pami lis ki chwazi a, pandan li disponib. Sityasyon sa yo lakoz Christiano te menm rive kite teren an avan 90 minit yo, pandan yon match fas ak foutbòl klèb Tottenham nan dat 19 oktòb 2022 a.

PIBLISITE PEYE

San okenn sipriz pou tout moun ki te gen ide sou sa k ap pase ant CR7 ak klèb la, nan kad yon konferans pou laprès li bay madi 15 novanm 2022 a, Christiano Ronaldo esplike fason administrasyon foutbòl klèb Manchester United la pa chita sou anyen serye. Li degaje tout fristrasyon l, tout sa k pa fè l byen, malgre li rekonèt tout grandè klèb la genyen. Yon konferans ki te anonse depa li nan klèb la.

Se konsa, madi 22 novanm 2022 a, egzakteman yon (1) semèn aprè l te fin fè deklarasyon l yo, klèb Manchester United la anonse yo koupe kontra yo te genyen ak Christiano a, malgre kontra a pa ko rive nan fen l, anplis de sa, foutbolè Pòtigè a ap prepare 1e match li nan mondyal peyi Qatar 2022 a, anfas seleksyon Ghana a, pou jedi 24 novanm k ap vini la a.

Gras ak kalite talan li (ak 37 lane li yo), krak Pòtigè a, Christiano Ronaldo se youn nan jwè ki plis make mond foutbòl la, soti nan pakou senyò li apati 2002 pou rive 2022 : 5 balon dò, 5 lig dè chanpyon, 5 koup di mond dè klèb ak divès lòt tit ak prim swa nan diferan (4) klèb li pase yo osnon nan seleksyon pòtigèz la. Christiano se jwè ki make plis gòl (807) depi jwèt foutbòl la pran nesans. Li depase Josef Bican ki gen 805 gòl, selon FIFA.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...