Plizyè Japonè netwaye estad yo aprè match Qatar epi Japon

Sosyalizasyon tou kòm idantite, se (2) nan prensipal fonksyon tout kilti fè objè, selon sa plizyè pansè k ap reflechi sou kesyon kilti a fè konnen. Yo kwè se youn nan sistèm ki pi fyab, pou pèmèt ou rive idantifye kiyès yon pèp ye, e ki kapab oryante lespri moun k ap suiv konpòtman yon gwoup moun byen espesifik.Aprè viktwa ekip Japon an sou seleksyon Almand lan mèkredi 23 novanm 2022 a, match ki fini 2-1 an favè foutbòl klèb Japonèz la, foto k ap sikile sou rezo yo montre plizyè Japonè ki vini sipòte peyi yo te deside rete pou netwaye tout estad la.

Se pa pou premye fwa mesyedam Japonè poze aksyon sila. Se depi aprè premye match ki te louvri koup di mond lan nan peyi Qatar dimanch 20 novanm 2022 a, match ki te opoze seleksyon Ekwatoryèn nan fas ak peyi Qatar, divès Japonè te deside netwaye estad la, tou suit aprè match la fini. Sa ki te siprann anpil moun nan mond lan, puiske moun yo se nan match yo peye lajan yo vini.

PIBLISITE PEYE

Aksyon sa a pa sispann soulve kiryozite anpil moun k ap suiv : pou yon pati, Japonè yo pwouve tou senpleman yo gen yon kilti ki vrèman elve, ki diferansye l parapò ak tout lòt pèp ki prezan nan mondyal 2022 a. Pou lòt gwoup, aksyon sila a plis lye ak yon kesyon politik kiltirèl, kote Japonè yo vle enpoze yon pati nan sa yo gen kòm kilti ak tout mond lan, se pou sa yo chwazi peryòd kote je tout mond lan fikse sou peyi Qatar pou enpoze mesaj la.

De tout evidans, Japonè yo voye yon vibran mesaj pou mond lan avèk estad yo yon gwoup pami yo fè chwa netwaye aprè chak match yo. Yon mesaj ki senbolize antrèd se youn nan aspè pozitif lòm ta kapab pratike pou mye jere mond lan.

Sérondier LOUISIA.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...