Mawoken yo fè listwa nan koup di mond peyi Kata a

Aprè seleksyon Mawòkèn nan fin bat seleksyon Pòtigèz la 1-0 samdi 10 desanm 2022 a nan peyi Kata, li vini 1ye seleksyon nan tout kontinan Afriken an ki rive pou 1ye fwa nan yon 1/2 final nan koup di mond. Mawoken yo pral toke kòn yo swa ak Anglè osnon Fransè yo mèkredi 14 desanm nan.

Pou rive kalifye nan 1/2 final yo nan mondyal Kata 2022 a, seleksyon Mawokèn nan genyen yon trè bèl pakou : li fè match nil ak Kroasi 0-0, li bat Bèljik 2-0, li bat Kanada 2-1, li fè match nil ak Lespay li ta pral bat 3-0 nan faz tirobi. E, samdi 10 desanm nan, Mawòk elimine Pòtigal Cristiano Ronaldo a 1-0.

N ap note, se pou premye fwa nan listwa seleksyon Mawokèn nan li rive atenn degre sila nan yon koup di mond. Egalman, viktwa sa a pèmèt kontinan Afriken an reprezante pou premye fwa nan 1/2 yon faz final koup di mond.

Pou kounye a, Mawoken yo poze tèt frèt ap tann kalifye an Angletè yo oubyen seleksyon fransèz la, pou jwe dènye faz k ap kondui li tou dwat nan gran final la mondyal sila.

Anpil Ayisyen k ap swiv pakou seleksyon Mawokèn nan de prè nan kad diferan pèfòmans li yo, pa sispann rete konfyan genyen posiblite pou Mawòk ta ranpòte twofe mondyal 2022 a nan peyi Kata, depi yo ta kontinye rete sou menm liy yo ye a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...