Cristiano Ronaldo angaje li ak klèb sawoudyen Al Nassr vandredi 30 desanm 2022 a pou 2025, ki vle di li pra l jwe nan peyi Arabi Sawoudit. Aprè anpil diskisyon, li posib pou mond foutbòl la ta asiste ak yon evantyèl retou CR7 nan kontinan Ewòp la, nan klèb Newcastle sezon k ap vini an.

Kontrèman ak sa anpil obsèvatè ap di, karyè Cristiano Ronaldo nan kontinan Ewopeyen an fini paske meyè bitè seleksyon pòtigal la dakò al jwe nan peyi arabi Sawoudit, swit aprè klèb Manchester United te divòse l ak kentip balon lò a.

Èske retounen nan kontinan Ewòp la entèrese Cristiano ?

Pandan l fèk ateri nan peyi Arabi Sawoudit madi 3 janvye 2022 a, nouvo klèb li a Al Nassr ak tout fanatik li yo resevwa l jan pou yo resevwa yon sipèsta, Cristiano ta sanble fè yon kwa sou lig dè chanpyon an, pi gwo konpetisyon ki fèt nan nivo klèb yo nan kontinan Ewopeyen an. Nan konpetisyon sila, daprè tout chif ki disponib yo, li se pi bon jwè ak pi bon bitè.

Daprè konsiderasyon Marca, ki se yon jounal pwòch klèb Real Madrid la, genyen yon posiblite pou Cristiano Ronaldo ta tounen jwe lig dè chanpyon sezon k ap vini an.

Klèb Sawoudyen an, Al Nassr gen menm mèt ak klèb Anglè Newcastle, daprè Jounal espayòl sila, Ronaldo ap kapab jwe lig dè chanpyon an sezon k ap vini la a, si toutfwa klèb Newcastle ta kalifye an Angletè. Toujou daprè Marca, 2 klèb yo ap antann yo pou prete Cristiano Ronaldo pou yon sezon .

Menmsi Ronaldo ap touche anpil lajan, men kòm se pou menm mèt klèb yo ye, Al Nassr prevwa toujou peye l yon fason pou klèb Newcastle la pa gen pwoblèm ak règleman fèple finansyè yo, ki trè estrik sou fason ekilib la dwe fèt nan mitan klèb Ewopeyen yo.

Si klèb Newcastle la fini pou piti nan katriyèm pozisyon sezon sa a nan chanpyona Anglè a, l ap ka regle zafè Ronaldo ki pral re-jwe lig dè chanpyon, sa k ap pèmèt klèb la genyen pi gwo jwè konpetisyon sa a nan ran l, pou ekri epi kontinye istwa yo ansanm.

Choumy Denizard, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841