Pou enskri nouvo jwè li a Cristiano Ronaldo, foutbòl klèb Al Nassr la oblije koupe kontra ansyen jwè li Vincent Aboubakar. Sa fèt daprè règleman chanpyona Arabisawoudit la, ki di se 8 etranje pou pi plis ki ka fè pati klèb yo. Se sa Dirijan klèb la anonse samdi 07 janvye 2023 a.

Vincent Aboubakar ak Cristiano Ronaldo p ap pataje menm ekip. Entènasyonal Pòtigè a fèk parèt nan FC Al Nassr, entènasyonal kamewounè a pran lòt sans lan paske, pou rezon règleman kantite etranje ki dwe jwe nan chanpyona peyi Arabi Sawoudit la, nan chak klèb pa dwe depase 8, FC Al Nassr pa t kapab enskri ansyen jwè Manchester United la, se Vincent Aboubakar klèb la chwazi koupe kontra l pou kapab anrejistre Cristiano.

Nan yon kominike AFP fè Konnen « FC Al Nassr mete fen nan kontra Aboubakar a sou yon antant zanmitay epi konsène a resevwa tout lajan klèb la te gen pou peye l sou tout dire kontra a »

Cristiano Ronaldo se youn nan pi bon jwè foutbòl daprè chif li yo ak kalite l, li pa t gen klèb depi aprè divòs li ak ekip Manchester United la, li ale nan FC Al Nassr, li fè premye viktim li Vincent Aboubakar.

Anpil kesyon k ap poze nan kad dosye sa a, se poukisa se Aboubakar klèb la chwazi voye ale? Eske se paske l nwa? Èske se ta sou demann Ronaldo kontra Vincent koupe, lè n konsidere yo se konkiran dirèk nan atak ekip la?

Choumy Denizard, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841