Pou premye fwa nan karyè li kòm foutbolè, Ayisyèn Melchie Daelle Dumornay (Corventina) resevwa mèkredi 11 janvye 2023 a twofe pi bon jwè nan chanpyona D1 Arkema an Frans, pou mwa desanm 2022 a. Avèk 65% vòt yo, Melchie pran distenksyon sila douvan Bussy Kessya 24% ak Laurie Cance 11%.

Milye teren Ayisyen an k ap jwe jodi a nan klèb Stade de Reims nan peyi Lafrans, fini pi bon jwè nan chanpyona a pou mwa desanm 2022 a. Pri sa a se yon distenksyon yo toujou bay chak jwèz ki fini kòm pi bon pandan mwa a.

Pou premye fwa, depi aprè Melissa Herrera te pran pri sila nan fen sezon 2020-2021 a, twofe pi bon jwè nan chanpyona D1 Arkema a ale nan klèb Reims lan. Avèk sèlman 19 lane, Melchie Daelle Dumornay rive genyen distenksyon sa a pou premye fwa nan karyè li kòm foutbolè.

Entènasyonal Ayisyèn nan te fini dènye jou chanpyona a ak anpil enèji e li te kòmanse sezon sa a sou menm estanda yo. Estaf la te nome twa konkiran pou twofe pi bon espwa 2021-2022 a, se Dumornay ki rive fè pi bon nòt nan mwa desanm nan kont ekip Dijon an.

N ap raple, nan wikenn pase a la, fwa sa nan koup fransèz fanm nan, Reims te fè yon gwo eksplwa, kote Melchie te rive reyalize yon double nan viktwa ekip la (5-3) kont ekip Paris FC a ki pa yon ti ekip.

Avèk 65% vòt yo aprè dekont, Ayisyèn Melchie Dumornay fini 1e. Pou jwenn pri a, li plase douvan koyekipye li Kessya Bussy ki reyalize (24%) ak jwè Rodez AF Laurie Cance li menm ki fè (11%) nan vòt sila yo.

Pou anpil Ayisyen, sitou moun Depatman Sant ak Mibalè, dènye pri sa a se ankò yon lòt gwo fyète Melchie pèmèt yo ap viv, paske li toujou fè kè yo kontan nan kad travay li yo kòm jwèz foutbòl. Yo fè konnen tou, si Leta Ayisyen te respekte tèt li, Ayiti t ap gen anpil, vrèman anpil lòt Melchie k ap fè drapo peyi a flote sou divès tèren, nan divès peyi.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841