Nan final chanpyona Sipè Koup peyi Espay ki te fèt dimanch 15 janvye 2023 a nan peyi Arabi Sawoudit, foutbòl klèb Baselòn nan domine e rive bat fasilman klèb Reyal Madrid (3-1) e sakre chanpyon ofisyèlman.

Fòma sipè koup peyi Espay chanje depi lane 2020, y ap jwe l avèk 4 ekip. Se te nan fen 2019 Federasyon Wayal Espayòl la te jwenn yon antant ak federasyon foutbòl nan peyi Arabi Sawoudit, pou Sipè Koup chanpyona Espay la ale jwe nan peyi Arabi Sawoudit ak 4 ekip swa : 2 premye ekip ki fini nan fen sezon an, ekip chanpyon an, ekip ki genyen koup Wa a ak ekip ki fini 2èm nan Koup Wa a.

Si ekip chanpyòn nan ou byen ekip ki finalis nan koup la deja kalifye gras ak chanpyona a, se ekip ki pi byen plase nan klasman an k ap jwenn tikè pou ale jwe Sipè Koup Espay la. Sa yo se ansanm prensip ki reji chanpyona sila.

Sezon pase (2021-2022) te bay dwa pou Sipè Koup Espay la te gen ladan l Reyal Madrid (Chanpyon chanpyona Espay la ak Liga a), Betis Sevi, chanpyon koup Wa a, Valans, finalis koup wa a ak Foutbòl klèb Baselòn ki te fini nan dezyèm pozisyon nan klasman Liga a.

Baselòn ki genyen premye tit li depi aprè pi gwo jwè li a Leo Messi kite ekip la, fè li 14 koup an total li genyen nan Sipè Koup Espay la, epi se premye pou antrenè Xavi Hernandez, premye pou jèn Gavi e menm premye pou atakan eksperimante, meyè bitè Polonè a, Robert Lewandowski, ki te pwomèt l ap vin bay klèb Katalan an kout men nan pwoblèm li te genyen, toujou aprè depa pi gwo leo Messi.

Avèk Koup sa a, Baselòn sanble bay Reyal Madrid yon leson foutbòl (3-1) sou tè Arab yo. Èske sa te vle di yo tou voye yon mesaj klè bay kontinan Ewopeyen an, pou fè l konnen estil foutbòl chanpay li a toujou la, avèk ou san meyè jwè nan tout istwa klèb la ?

Choumy DENIZARD,
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841