Peyi Senegal ak Aljeri se (2) seleksyon ki kalifye pou ale jwe Final 7èm edisyon Chanpyona Afrik Nasyon yo (CHAN), ki te kòmanse 13 janvye, ki gen 18 ekip pou 32 match. Final sila fèt samdi 04 fevriye 2023 a nan peyi Aljeri. Match la ap jwe a 2:30 nan aprè midi, nan estad Nelson Mandela de Bakari.

Nan kad premye match nan Chanpyona Afrik Nasyon yo (CHAN) ki te louvri ofisyèlman vandredi 13 janvye 2022 a, k ap fèt nan peyi Aljeri soti 13 janvye pou rive 04 fevriye 2023 a, peyi Libi te tonbe 0-1 douvan seleksyon Aljeryèn nan. Yon gòl Aimen Mahious te make nan 57èm minit sou penalite.

Chanpyona Foutbòl Nasyon Afriken 2022-2023 a se yon konpetisyon foutbòl ki jwe nan peyi Aljeri, se Konfederasyon Foutbòl Afriken an (CAF) ki òganize li. Pou ane sa a, se 7èm edisyon Chanpyona a, ki rasanble 18 seleksyon ki gen ladann jwè k ap jwe sèlman nan youn nan klèb ki nan peyi yo an Afrik.

Divès medya, tankou Radyo Frans Entènasyonal (RFI), pa kache nivo satisfaksyon yo pou reyalizasyon chanpyona a, se pou se RFI se youn nan medya ki bay plis enfòmasyon sou tout sa k ap pase nan kad chanpyona sila.

Se vre, pou anpil moun k ap obsève, rive kwè Chanpyona sila pa genyen menm anplè ak divès lòt, tankou sa k ap jwe an Ewòp yo, men de tout fason, dirijan Afriken yo kreye tout mwayen, pou pèmèt jwèt foutbòl la rete byen vivan sou kontinan an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841