Aprè Ayiti te fin kòmande 18 blende nan men konpayi kanadyen Profound Corparation, e peyi a te bay konpayi a yon avans ki vo plis pase 12 milyon dola ameriken. Konpayi a te dwe livre blende yo sou 21 jou, depi jwen 2022. Mèkredi 1e fevriye 2023 a fè plis pase 6 mwa depi rès blende yo pa ko janm antre Ayiti.

Yon kantite blende ki kòmande nan objektif pou ede Polis Nasyonal Ayiti a mete yon fren nan gwoup gang yo k ap taye banda, teyorize popilasyon Ayisyèn nan, feraye nan tout kwen, kidnape, egzekite, kote pèsòn pa epanye. Aprè plis pase 6 mwa kòmand lan plase, konpayi a pa ko deside voye rès blende yo.

N ap note, Profound Corparation ki se konpayi ki vann Ayiti blende yo, deja voye pandan 2 fwa kèk nan blende yo pou Ayiti. Poutan, majorite blende sa yo, pou anpil moun ki se machin, pa pase menm yon semèn ap sèvi Ayiti. Nan kad premye misyon blende yo, li trè difisil pou yo pa tou deranje. An plen misyon nan zòn «Varreux», youn nan blende yo te tonbe anpàn.

Responsab konpayi a fè konnen se Ayisyen yo ki sanse pa gen kapasite pou byen manipile blende yo, puiske yo vann ak divès lòt peyi, nan plizyè lòt kontinan, blende yo pa bay okenn pwoblèm.

N ap siyale, 18 janvye 2023 a, jounal Le Nouvelliste revoke jounalis «Lemoine Bonneau», jis paske l kesyone yon anbasadè Kanadyen nan kad dosye rès machin blennde yo ki pa t ko disponib. Jounalis «Frantz Duval» ki se redaktè an chèf jounal la, te egzije jounalis Bonneau pou li mande anbasadè a padon, sa jounalis la te refize kategorikman.

Youn pami divès sitwayen Ayisyen ki pa t sispann kòmante sou kesyon an, te eksprime li konsa: «Se pa sèlman politisyen yo ki pè blan, laprès ak kèk jounalis pè blan anpil tou».

Se ak anpil etonman, peyi a pral konstate menm jounal Nouvelis sa a, anba kout plim jounalis Roberson Alphonse, pibliye yon atik mèkredi 1e fevriye a, kote jounal la raple sa gen plis pase 6 mwa, rès blende yo pa ko janm livre pou vin sèvi Ayiti.

Finalman, sitwayen yo nan peyi a kanpe ap tann konpayi Profound Corparation, pou di jis kilè l ap voye rès blende yo pou Ayiti, ki dwe livre 21 jou aprè fon an te disponib sou kont konpayi a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841