Polisye yo nan vil Gonayiv ki jwenn sipò manm popilasyon an pou yon 2èm fwa, manifeste pasifikman maten lendi 30 janvye 2023 a, pou kontinye mande kò konfrè polisye parèy yo bandi Savyen yo te touye 25 janvye pase a nan komin Lyankou.

Fòs lòd yo ki te gen plizyè pankat nan men yo, te make divès eslogan, tankou yo bezwen bon jan materyèl pou yo travay. Polisye yo ale pi lwen pou voye kèk mesaj piman bouk kont otorite yo nan Direksyon Depatmantal polis Latibonit la, ak wo komandman polis Nasyonal Ayiti a (PNH), pou di yo p ap kanpe nan lit y ap mennen an, nan 4èm vil peyi a, toutotan revandikasyon yo pa rive satisfè.

Sou bòl pa l, Becken Petit-Homme, yon sitwayen ki te prezan nan Mouvman polisye yo nan kad mach pasifik sa a, deklare li revòlte pou fason ajan fòs lòd yo ap viktim anba men zago loray bandi k ap feraye nan kat (4) kwen peyi Ayiti ak gwo zam fann fwa.

Sitwayen Petit-Homme lage tout responsablite yo sou do responsab yo nan nivo direksyon depatmantal polis la nan Latibonit, li di ki pa t pran bon jan dispozisyon pou byen planifye entèvansyon polisye ki t ap mete endividi mal entansyone yo nan ti soulye yo sou gwo zak y ap komèt, ki bay popilasyon an gwo kè sote nan peyi a.

N ap soulinye, fanmi polisye sa yo bandi Savyen touye 25 janvye pase a, pa konnen ki sen pou yo rele ak yon lam dlo ki pa sispann koulye nan je yo, lakòz yo pa ka jwenn menm kò pitit yo pou antere, pandan pou anpil moun, se chyen k ap dechire kadav yo nan raje Savyen.

Anpil sektè ap poze tèt yo kesyon nan site endepandans lan, pou konnen jis kilè otorite yo ap di yon mo pou pèp sa a k ap monte lesyèl pado, akoz bandi achte peyi a lajan kontan an.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841