Laskawobas : Yon aksidan machin pote ale 2 moun, pami yo yon pastè ak anviwon 7 lòt blese

Nan yon tèrib aksidan sikilasyon ki fèt dimanch 29 janvye 2023 a nan zòn Wanpa komin Laskawobas, 2 moun mouri ak anviwon 7 lòt transfere an ijans lopital. Pami moun ki mouri yo, genyen pastè Jules ak madan Kòk, yon fidèl nan legliz pastè a. Aksidan an fèt pandan yo sot nan misyon.

Aksidan sa rive fèt, tou suit aprè pastè Jules t al tande double yon gwo kamyon, malerezman li al sote sou yon lòt kamyon baskil ki te tou ap vini anfas li a. Paske l pa ka fè anyen, li frape ak baskil la, ki chavire tou.

Konsta aksidan sila fèt devan majistra Ketlie Joseph, kote jij sipleyan tribinal de pè Laskawobas la, Rigaud Derissier t ap pran detay tout enfòmasyon sou aksidan sila. Pou kounye a, 2 moun ki mouri yo ale nan yon mòg prive nan komin nan.

N ap raple, nan yon lòt tèrib aksidan ki fèt sou menm twonson wout Laskawobas-Beladè a, Wendy Macadieu ki se moun Beladè ki t ap kondi yon moto prive pèdi vi li, aprè li ta fin frape ak yon machin. Aksidan sa a te fèt lendi 23 janvye 2023 a nan yon ti zòn yo rele Bwapen.

Divès moun k ap kòmante sou dram sa a fè konnen pastè a te trè manke pridan : Yon kote, se pratikman nan yon koub aksidan an fèt la. Yon lòt kote, pami tout moun ki te nan machin nan, te genyen yon ti bebe.

Finalman, anpil moun ki te prezan tou suit aprè aksidan an, ki konnen tout moun ki viktim yo, fè konnen nan misyon sila pastè a ak fidèl yo t ap soti a, se yon gran jwa ki tounen yon gran tristès.

Wondeau Wisnic, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841