Reponsab yo nan Fòs Konbit Inisyativ sitwayèn (FOKIS), reyalize yon
jounen fòmasyon pou anviwon 75 jenn fanm ak jenn gason nan 2èm seksyon Bsen Manyan, komin Gonayiv depatman Latibonit, anba tèm sa a: «Angajman ak Patisipasyon Lajènes nan Devlòpman Lokal». Fòmasyon sa a te fèt samedi 28 janvye 2023 a.

Madam Clathe Larrieux ki se Kòdonatris adjwen FOKIS la, fè deklare inisyativ sa a pran, se nan sousi pou yo kapab ankadre jèn yo nan domèn sosyal ak Politik. Li fè konnen fòmasyon sila deja reyalize nan 2 seksyon kominal (4èm seksyon Poto ak 2ém seksyon Basen) epi nan mwa k ap vini yo la a, yo pral òganize yon seri fòmasyon nan nan (3èm seksyon Bayonè, 5èm seksyon Labranl, premyè seksyon Pontamaren ak sant vil Gonayiv).

Pi lwen, kòdonatris Larrieux fè konnen chak jèn sa yo, aprè fòmasyon an, ap benefisye yon sètifika, pandan y ap tann de anpil rezilta nan men jèn sa yo, nan kad enplikasyon yo nan Devlòpman kominote yo. Entegrasyon jèn sa yo nan pati modèl ak modèn FOKIS la, selon li menm, vrèman sansib pou enplikasyon jenès la nan sektè politik la.

2 pami 75 jèn ki benefisyè fòmasyon sila felisite epi remèsyè responsab Fòs Konbit Inisyativ Sitwayen yo (FOKIS), yo di ki mete inisyativ sa a pou ankadre jèn yo nan seksyon kominal yo ak santre vil Gonayiv. Yo fè konnen fòmasyon se zouti ki enpòtan anpil nan tout sosyete. Yo di yo vrèman satisfè jounen fòmasyon an, pandan yo swete aktivite sila kontinye pou pou ranfòse konpetans yo nan seksyon kominal yo.

Sou bò pa l, Abner Georges ki se youn nan entèvenan nan gwo fòmasyon sa a, fè konnen se yon bon inisyativ lidè FOKIS la pran pou angaje manm li yo nan travay kominotè yo. Fòmatè a fè konnen, li te entèvni sou angajman ak patisipasyon lajenès nan Devlòpman Lokal. M Georges di pèson moun pa ka pale de Devlòpman Lokal ak Demokrasi, san enplikasyon lajenès ki se fòs Motris Popilasyon an. Atravè fòmasyon sa a, yo vin di jènes la fòk li angaje l kòm aktè, pou patisipe nan tout sa k ap fèt nan Devlòpman kominote a.

Pou li, sitwayen yo dwe jwenn yon meyè fason pou patisipe nan lavi Politik, Ekonomik ak Sosyal peyi yo, se yo ki pou òganize yo, yon òganizasyon ki pa dwe fèt an grenn senk, pandan l swete jèn yo òganize yo nan asosye a, federe yo pou yo kapab bay rezilta. Politik chanjman ak Devlopman yon kominote fèt lè tout sitwayen regwoupe yo anndan yon estrikti sosyal, e se konsa n ap kapab genyen yon leta responsab, paske wòl sosyete Sivil la se fòse leta asime tout responsabilite l yo anvè popilasyon an.

N ap note, FOKIS fonde nan lane 2021, ki gen pou Misyon fè de li yon Pati modèn nan depatman Latibonit, nan lide pou entegre jènes la, anpil Pati politik andedan peyi a mete yon kote, vin entege nan tout nivo andedan nouvo estrikti Politik sa a.

Israël CEDIEU, Centre a la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841