Anba tèm sila: « Pandan w ap fè lajan, chèche pwoteje anviwònman w demen pou l pa tounen kont ou sou diferant fòm », Sant Karibeyen pou reyabilitasyon Enviwònman an ak Ekonomi CECAREE, reyalize nan Ench lendi 30 janvye 2023 a, premye ansanble jeneral estrikti a.

Madam Carine André Simon ki se prezidant estrikti sosyal sa a, di yo fristre anpil, pou fason prèske tout peyi a, vil Ench anpatikilye, pran yon lòt nivo nan kesyon fatra pil sou pil tout kote.

Nan kad batay pou vive ede pwoteje anviwònman an, ki se angaje chak grenn moun nan fason kòrèk li dwe ye, pou yo rive kreye kondisyon pou jere fatra ke l pwodwi, CECAREE mete yon emisyon radyo fonik pou sansibilize e motive sitwayen yo, nan kad lit pou rive amelyore anviwònman an.

Anplis, yo di yo deja fè fòmasyon pou 200 jèn, ki se elèv ak etidyan, epi yo menm arive kreye yon estrikti anbasadè Onivo CECAREE, aprè premyè edisyon festival 2022 a ki te fèt anba tèm : « Nati, ekositwayènte e angajman feminen ».

Ekip CECAREE a ki di pòt yo louvri byen laj ap tann tout moun ki ta vle vin jwenn yo pou panse epi aji sou pwoblèm anviwònman an, ki menas ak yon danje pou popilasyon an.

Ekip CECAREE a ki rekonèt se gras a kolaborasyon chak grenn moun ki pèmèt li sa l ye jodi a, remèsye sila ki pèmèt bilan yo pozitif, malgre fèb mwyen yo.

« Pèsktiv yo anpil sevre men, nou p ap fè bak ». Se konsa yon te konkli premyè asanble jeneral sila.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841