Peyi Salvadò manifeste volonte pou ede Ayiti konbat gang yo. 26 janvye 2023 a, VP Félix Ulloa eksprime volonte prezidan Salvador a, Nayib Bukele, ki prè pou li enstale yon biwo an Ayiti, nan sousi pou ede gouvènman Ayisyen an batay kont kriminalite gang yo ki fin ravaje peyi a.

Depi avan menm Ariel Henry moute sou pouvwa a an Ayiti, gang ame yo te toujou la ap twouble lapè pèp Ayisyen an nan plizyè nivo. Men, sou Ariel Henry, sa vin dejene nèt. Se konsa divès sitwayen Ayisyen k ap viv swa an Ayiti oubyen aletranje toujou eksprime yo sou kriz la.

Pou eseye rezoud tout tibilans sa yo, nan dat 6 oktòb 2022 a, aprè yon konsèy minis ki te fèt nan aswè, Ariel Henry di sitiyasyon ensekirite ki Ayiti a depase l, li depase PNH la, ki depase tout otorite nan peyi… Se sa yo prensipalman, pou jistifye rezon oblije genyen yon asistans militè etranje ki antre an Ayiti, li te mande pou yon 11èm entèvansyon entènasyonal fèt an Ayiti.

Depi lè sa a, kominote entèseksyon la ap koupe rache, pou wè kouman yo kapab voye fòs Ariel mande a, nan sousi pou vin mete estabilite ak lapè. Men, jouk jounen jodi a ki se dimanch 30 janvye 2023, fòs la pa ko janm antre AYITI. Anpil moun k ap swiv tout epizòd nan fim sila, pa sispann mande : Kisa k lakòz aprè pliske 3 mwa, èd militè a pa ko janm ka antre ?

San pè, ni wont, ni jèn, Direktè Jeneral polis Ayisyèn nan, Frantz Elbe, pran laprès e mande prese prese pou yon fòs militè foule sòl Ayiti a, pou fin pasifye peyi a. Direktè a fè deklarasyon sa yo 28 desanm 2022.

Kolonèl Himler Rébus, menm jou a, te demanti Direktè Jeneral defakto PNH la. Pou kolonèl la, se paske DG Elbe manke metrize sitiyasyon an ki lakòz li pozisyon l konsa, paske polis Ayisyèn nan kapab rezoud pwoblèm ensekirite a, depi yo jwenn ankadreman nesesè pou sa.

Se sou yon ang parèy, kontrèman ak Ariel Henry, DG defakto PNH la, divès peyi nan entènasyonal la, prezidan peyi Salvadò a, onorab Nayib Bukele, eksprime tout volonte l pou vin tabli yon biwo an Ayiti, ak objektif ede gouvènman Ariel la jere kesyon ensekirite a.

Yon desizyon anpil sitwayen Ayisyen bat bravo lakontantman pou li, puiske pou yo, se pa yon fòs militè etranje k ap kapab ede Ayiti fè fas ak gang yo. Moun sa yo kwè tou, si entènasyonal vle ede Ayiti tout bon vre, li ka toujou voye materyèl nesesè pou PNH la, fè fòmasyon pou yon gwoup pami ajan yo ou byen voye lajan pou otorite Ayisyèn yo mye ame polis Ayiti.

Yo kwè se ak tip ankadreman sa yo, ki pa gen anyen pou wè ak yon entèvansyon militè, Ayiti va delivre tèt li yon fwa pou tout anba gang yo, ki gen mèt yo an Ayiti kou nan menm entènasyonal la, toujou selon sitwayen yo.

Finalman, anpil moun k ap fouye zo nan kalalou, pa sispann poze kesyon sila: Konbyen kriz Nasyonzini ede Ayiti jere deja, nan 10 misyon li voye deja yo ant 1993 e 2023 an Ayiti, ki pa janm pote anyen de konkrè epi dirab pou peyi a, yo pale de: MICIVIH, MINUHA, MANUH, MITNUH, MIPONUH, MICAH, MIF-H, MINUSTAH, MINUJUSTH, BINUH ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841