Sòti 20 jiyè 2021 ki se dat inogirasyon Ariel Henry kòm Premye Minis Ayiti, bandi ak zam touye 78 Polisye, sa ki reprezante an mwayèn 5 Polisye ki mouri pa mwa. Se sa yon rapò RNDDH fè konnen 26 janvye a. Anviwon 13 polisye deja tonbe anba bal bandi pou sèlman mwa janvye 2023 a.

Pi dwòl nan tout sa, se paske polisye ap tonbe tankou grenn lapli, pandan premye minis peyi Ayiti a, Ariel Henry ap kontinye pratike politik obskirantis (fènwa) elit politik yo toujou pratike nan peyi a depi plizyè lane. Politik sila ki pa sispann kraze angrenaj Ayiti, pa sispann koule san malere, menm polisye ki soti nan matris Mas pèp la, pa epanye.

Aprè lanmò ansyen prezidan Ayisyen Jovenel Moïse, se Ariel Henry ki vin prann renn pouvwa egzekitif la Ayiti, ak tit premye minis defako. Ansyen chèf leta tèt kale a te chwazi Ariel pou divès rezon :

• Mete sekirite nan peyi Ayiti
• Fè referandòm ki dwe kondui ak chanjman kontitisyon aktyèl peyi a
• Moute yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP)
• Fè eleksyon pou konble vid ki te gen nan palman an ak nan tout komin ak seksyon kominal yo nan peyi a, pou ranplase eli lokal yo.

Ebyen, sitwayen Ayisyen yo ki nan tout mond lan pral konstate Ariel ki, non sèlman pa touche pwen sa yo, men li deside fè sa lide l di l, puiske pou anpil moun, li gen yon boulva douvan li.

Depi mwa jiyè 2021 aprè Ariel rive nan tèt pouvwa a, polisye Ayisyen yo pa sispann tonbe anba bal bandi. Se sa ki lakòz Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) sòti yon rapò, ki fè kwè chak nwa, genyen 5 polisye ki asasinen an Ayiti, sa ki bay yon total 78 de jiyè 2021 a janvye 2023.

N ap raple, tout polisye sa yo se san fwa ni lwa, bandi ak zam ki asasinen yo. Pami yo, genyen Direktè Akademi Polis la, Komisè divizyonè Rigaud Harrington, te tonbe anba bal bandi nan Pòtoprens, 25 novanm 2022 a.

Pou ka ki pi resan, li moute a mèkredi 26 janvye 2023 a, kote bandi nan baz Savyen, vide atè nan zòn Lyankou, depatman Latibonit, anviwon 6 polisye epi blese plizyè lòt. Yon bagay ki revòlte konsyans anpil Ayisyen, sitou kèk konfrè polisye yo.

Chak polisye ki tonbe, li kite yon fanmi ki te depann de li. Non sèlman fanmi sa a pèdi lespwa, men tou yo pèdi menm kò polisye a, paske pi souvan, PNH la pa gen kapasite pou rekipere kò polisye yo, a plizyè repriz lè bandi fizye yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841