Nan yon gwo mouvman, divès Polisye ki afekte nan komisarya Gonayiv la mele ak manm popilasyon gonayivyèn nan te fè pou mande otorite polisyè yo pran responsabilite yo epi ale pran kò polisye bandi Savyen Asasinen yo, pote bay fanmiy yo. Sa pase jedi 26 janvye 2023 a.

Nan menm jou sa vè 5 kè aprè midi, yon gwo evazyon te fèt nan Prizon sivil pwovizwa Gonayiv la, kote anviwon 14 prizonye mouri, 11 prizonye sove ak 491 lòt tounen fèmen andedan prizon sivil Gonayiv la.

Komisè gouvènman Gonayiv la, mèt Serard Gasius ki t ap prezante bilan bay laprès jounen vandredi 27 janvye 2023 a, fè konnen sitiyasyon sa a rive nan moman divès prizonye te sezi zam grefye prizon an ak kèk sivil ame t al tante kraze prizon sivil Gonayiv la, aprè midi jedi 26 janvye 2023 a pou te pran Moun pa yo ki anprizone.

Chèf pouswit penal la di yo fè konsta tout mò yo , se jij Josué Alexis ki te sou plas pou sa, epi yo remèt kò san vi yo bay Lamèri pou antere yo.

Mesye Serard Gasius, pi lwen, fè konnen li pral mennen ankèt li epi pale ak chèf Prizon an ki kouche sou kabann Lopital, yon fason pou plis limyè kapab rive fèt sou dosye evazyon sa a, aprè pou l ka pale ak laprès pou prezante yon bilan ofisyèl sou dosye evazyon sa a.

Brésiac Lubien ki se Kòdonatè Nasyonal Federasyon òganizasyon k ap Defann Dwa Moun yo (FENODDH), ki te rankontre ak laprès aprè ankèt li nan Prizon sivil pwovizwa a, deklare se anviron 25 Moun li wè ki pèdi lavi yo, ki diferan de kantite komisè gouvènman Gonayiv la Mèt serard Gasius bay laprès la.

Kòdonatè Lubien fè konnen dwe genyen yon ankèt plis pwofon ki mennen, pou konnen kòman evazyon sa fè rive pwodwi nan Prizon an, yon fason pou Moun ki koupab yo kapab pini daprè Lalwa, pandan l prezante senpati l ak responsab epi paran Moun ki viktim yo.

M. Lubien mande otorite lapolis ak lajistis yo pran tout dispozisyon pou retounen tout malfwa ki sove yo nan Plas yo ki, selon li menm, reprezante yon gwo menas pou popilasyon an, espesyalman polisye yo ki pa sispann viktim anba men kriminèl yo.

Defansè Dwa Moun nan fini pou mande ak tout inite espesyalize yo nan PNH la pou mete yo ansanm pou al chèche kò kolèg polisye yo ki mouri nan egzèsis fonksyon yo nan kad ranfò yo t al pote bay polisye ki nan komin Lyankou yo, ki te andanje anba men bandi Savyen yo, k ap fè Moun latibonit monte lesyèl pado.

N ap fè konnen, kòdonatè Mouvman Defans Latibonit (MODELA) mèt Jean-Rony Lima, di li kondane fason prizonye yo pèdi lavi nan moman evazyon an. Nimewo (1) MODELA a mande chèf jiridiksyon Gonayiv la pou pran bon jan mezi pou fè retounen prizonye ki sove yo epi pini tout Moun ki ta enplike nan kad evazyon sila.

Israël CEDIEU, Centre a la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841