Moun yo pa rive idantifye kidnape Pierre Buteau epi ale ak machin li. Zak sila fèt maten madi 24 janvye 2023 a nan Tomasen. N ap raple, Pierre Buteau se ansyen minis Edikasyon Nasyonal, li se Prezidan sosyete Ayisyèn pou Listwa, Jewografi ak Gewoloji (SHHGG).

Dat 24 janvye a retni kòm jounen entènasyonal Edikasyon. Yon moman ki ta dwe chaje ak refleksyon tout kote nan mond lan sou wòl ak enpòtans Edikasyon, sitou an Ayiti, nan objektif pou wè kouman sistèm Edikasyon an kapab amelyore konsiderableman sosyete a, nan plizyè dimansyon.

Poutan, nouvèl la tonbe byen bonè nan maten, yon gwoup moun yo pa idantifye antre lakay Istoryen Buteau, yo kidnape l epi yo ale ak machin li tou. Yon zak baba ki moutre aklè nan ki nivo sitiyasyon sosyo-politik peyi a Ayiti a frajil. Puiske, Pwòf Buteau ki gen 74 lane pa ta dwe ap pran tout frap sa yo, sitou pou sa li fè pou Ayiti ak laj li tou, selon divès moun k ap temwaye.

Pierre Buteau fèt Pòtoprens nan lane 1949, li diplome nan relasyon entènasyonal, opsyon Istwa kontanporen. Manm Sosyete Ayisyen Istwa, Jeyografi ak Akeyoloji, li te kolabore sou plizyè piblikasyon ki konsakre ak drapo nasyonal Ayiti a ak Biwo Komisyon Ayiti/UNESCO. Li anime anpil emisyon nan radyo sou istwa.

Li se prezidan komisyon pou devlopman pwogram syans sosyal nan pwogram nouvo segondè a, li anseye listwa nan divès lekòl, tankou Enstitisyon Sainte Rose de Lima ak nan nivo siperyè, nan Inivèsite Leta Ayiti, Inivèsite Karayib la.

Pwofesè Buteau se ansyen Minis Edikasyon Ayiti, li te patisipe tou nan pwojè HSI-UNICEF ak PNUD pou preparasyon plan nasyonal pwoteksyon timoun yo.

Divès enstitisyon pote sipò yo bay pwofesè a, se ka Fakilte Syans Politik ak Jiridik nan Inivèsite Kiskeya (UNIQ) ak Enstiti pou Etid Rechèch Afrikèn (IERAH) ki vin tounen Enstiti siperyè Rechèch ak Etid nan Syans Sosyal (ISERSS) nan inivèsite Leta Ayisyen an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...