Selon komisè gouvènman Senmak la, Venson François, ak divès medya lokal, pou piti 6 polisye mouri ak lòt blese mèkredi 25 janvye 2023 a nan zòn Lyankou, depatman Latibonit, aprè gang k ap opere nan Savyen yo ta ba yo yon sipriz. N ap raple, soti 10 pou rive 25 janvye a 2023 a, deja genyen anviwon 13 a 14 polisye ki tonbe «anba kout bal bandi ak zam».

Madi 10 janvye pase a, te genyen 3 Polisye bandi ak gwo zam lou te asasinen ak plede divès lòt sitwayen, ant ri Maglwa Anbwaz ak wout Dal nan Kafou Fèy. Malfra yo tire polisye yo, aprè polisye te sispèk yo nan espas la ap jere yon kesyon machin yo te vle travèse.

Se pa t fini, vandredi 20 janvye pase a, anviwon 4 Polisye ak divès lòt sitwayen mouri anba kout bal bandi ki fè pati baz chèf gang ki rele Vitelhomme nan, pou anpil moun ki vle pran tèt peyi a nan men PM Ariel Henry. Aksyon sila te pase nan Petyonvil Pòtoprens, aprè malfra yo te fin debake epi atake zòn nan.Se pa premye fwa bandi malfra, san fwa ni lwa yo ap vide bal e krible Polisye yo an Ayiti.

N ap raple, nan dat vandredi 12 mas 2021, genyen 5 Polisye ki te tonbe anndan Vilaj de Dye nan Pòtoprens, nan kad yon operasyon yo t al mennen pou dechouke gang ki nan baz yo rele 5 Segond lan.

De plis, sèlman pou lane 2022 a, Polis Nasyonal Ayiti a resanse 55 Polisye ki tonbe anba bal bandi, pami Polisye sa yo, genyen kòmisè divizyonè Harington Rigaud, ki se te Direktè Akademi Polis la. Se yon gwoup bandi moun pa rive idantifye, ki te krible l ak katouch vandredi aprè midi 25 novanm 2022 a. Gang yo te tire responsab la douvan lekòl Majistrati a ki sou wout Frè a, nan Petyon vil, Ayiti.

Koze Polisye k ap tonbe tankou grenn lapli anba bal bandi an Ayiti tounen yon jwèt. Lè malfra swete, yo vide Polisye atè.

Finalman, sa anpil moun pa sispann mande, se kijan Dirèktè Jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, PM Ariel Henry ak tout lòt responsab yo santi yo devan krim odye sa yo sou chak Polisye sa yo ki gen yon fanmi ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...