Mondestin Augustin ki se chèf gang 400 egare ki opere nan komin Mayisad jwenn arestasyon li nan Depatman Nò Komin senrafayèl 01 janvye 2023 a selon sa lapolis Nasyonal Ayiti fè konnen mèkredi 4 Janvye 2023 a.

Fòs lòd yo fè konnnen Augustin Mondestin te patisipe nan atak ame ki te fèt sou komisarya Maïssade la, mèkredi 7 septanm 2022 a, depi lè sa a Augustin Mondestin te kouri al kache nan Repiblik Dominikèn.

PNH kontinye pou l di pandan atak sa a gang 400 egare a te fè sou komisarya a genyen yon polisye ki rele Jean Roger, Ajan 4 yo te tire nan janm dwat li.

Pou moman sa a, PNH fè konnnen Augustin Mondestin nan gadavi pou tann suit jidisyè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841