Pakè Pòtoprens ak Ministè Kilt envite pastè Lafleur pou reponn kesyon lajistis sou divès zak malonèt li poze

Aprè li fin fè yon kantite demonstrasyon nan yon videyo ki viral sou divès rezo, videyo anpil moun jije kòm endezirab epi ki twouble lapè piblik, pastè Lafleur Amel jwenn envitasyon komisè gouvènman Pòtoprens lan ak Ministè Kilt yo an Ayiti, nan sousi pou ale reponn kesyon lajistis 4 janvye 2023 a, sou movèz atitid sila yo.

Pou swete yon bi bon byenveni ak nouvèl ane 2023 a an Ayiti, depi kèk jou sou divès rezo sosyal, se non pastè Amel Lafleur ki kenbe aktyalite a «K AP FÈ KOZE», parapò ak yon videyo li pibliye, kote l ap bo, karese, toufounen kèk fanm ki nan legliz li, fanm li ta fè kwè se pitit li yo ye.

Anpil moun nan popilasyon Ayisyèn nan k ap viv Ayiti oubyen aletranje ki twouve se yon zak vagabondaj, te anflame rezo sa yo, anpatikilye fesbouk, kote y ap fè refleksyon, poze divès kesyon pou konnen èske lajistis ak ministè kilt an Ayiti p ap di yon mo nan kesyon an.

Se konsa, madi 03 janvye 2023 a komisè gouvènman Pòtoprens, M. Lafontant JACQUES, atravè Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), envite reveran an, pou l ale esplike kisa zak malonnèt sa yo li t ap poze nan videyo yo tradui. E dayè, aksyon sa yo se bagay lalwa an Ayiti kondane.

Yon lòt bò, Direktè Jeneral Souffrant Evens, pa mwayen Ministè Kilt yo an Ayiti, envite pastè Lafleur Amel pou ale reponn kesyon lajistis jedi 5 janvye 2023 a, pou menm videyo k ap sikile yo. Se sa ki fè Ministè kilt fè konnen kesyon vyòl ak videyo k ap fè pale de yo sou rezo yo, se sa yo pral debat ak responsab » L’église de Dieu Indépendante de la Porte Étroite » ki twouve l nan Dèlma 33, ri Chabonyè ak Demele.

N ap raple, se pa pou premye fwa non pastè Amel Lafleur ap site nan gwo eskandal andedan peyi a : Se ka Stéphanie Jean Pierre ki di paran l te pote plent kont pastè Amel sòti lane 2006 pou rive 2009 epi li menm pèsonèlman ki te pote plent kont pastè a nan lane 2014. Nan menm dosye a papa li pèdi vi l, tout sa paske reveran an te vyole li a.

Selon divès gran konesè ki ekri sou sa, Legliz se yon espas moral, yon lye ki la pou patisipe aktivman nan sosyalizasyon sitwayen yo. Men depi kèk tan, an Ayiti legliz tounen yon lye kote yon pil sitwayen ap ranmase lajan, bay manti tankou sè Laura, fè sa yo vle tankou pastè Amel, kraze fwaye lè lide yo di yo tankou pastè Miskaden, bay moun bwè pinèz tankou pwofèt Makenson. Tout sa yo, avèk non kèk pèsonaj santral Bib yo pratike yo ki se Bondye, Sentespri osnon pitit li Jezi.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...