Nan dat 03 janvye 2023 vè 11è nan maten selon sa kabinè avoka pastè Armel LAFLEUR fè konnen yo te resevwa yon envitasyon pou konparèt devan Tribinal premye enstans Pòtoprens la nan dat 04 janvye 2023, yon envitasyon pou Outrage public à la pudeur

Kabinè avoka pastè a nan lèt eskiz ak demand yo prezante bay nan biwo Komisè Gouvènnman fè konnen pastè a p ap ka repon akòz 2 rezon: dabò se paske envitasyon an twò brèf answit, akòz endisponibilite avoka li yo ki p ap ka la pou fè defans kliyan yo selon sa atik 25.1 konstitisyon Ayisyen an di.

Avoka yo mande komisè a repouse envitasyon an pou kliyan yo pou 15 jou, anpil moun poze kesyon pou kisa kabinè avoka pat ekri Komisè Gouvènman depi yè pou te di dèle a twò brèf epi yo pap disponib eske se pa mawonaj pastè a ap fè?

Komisè Gouvènman yon lòtbo (Mèt Jacques LAFONTANT) pa rive agreye demand kabinè a, okontrè komisè a mete plis mezi, tankou entèdi pastè a kite teritwa Ayisyen an epi voye konvokasyon an pou lendi 09 janvye 2023

aprè video kote pastè a te fè pitit fil fan janm li chita sou li pou montre fidèl legliz yo diferan pòz seksyèl pou yo ka fè bagay, epi bol, bal ti tap sou dèyè. Video sa te lakòz pastè a jwen anpil kritik, Pastè Armel LAFLEUR prezante eskiz li ak tout moun sa te choke. Li di li pat gen entansyon deranje, se edikasyon seksyèl fidèl yo li t ap fè. Armel di li abitye fè fòmasyon sa yo pou koup yo nan legliz la.

Bò kote pa Deutty Mell Lafleur ki se pitit fi pastè Armel Lafleur ki te parèt nan videyo a, fè konnen jès papa l fè a pa deranje l. Okontrè, jèn fi a di sa k fèt la pa etranj. Deutty ki se Ayisyano-amerikèn ki etidye jeni-mekanik Pennsylvania di li abitye ak papa l, se papa l ki fè edikasyon seksyèl li.

Eske atik 283 kòd penal ayisyen ta dwe aplike sou pastè Armel?

Joseph Samuel Guillaume, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841