Polis nasyonal Ayiti prezante mèkredi 4 Janvye 2023 a, 3 moun yo di ki ta fè pati gang k ap teworize popilasyon nan Kanaran Komin Kwadèboukè. PNH presize arestasyon sila fèt vandredi 30 Desanm 2022 a, nan Vil Ench Depatman Sant Ayiti. Appolon Franky, Wesly Jean-Baptiste, Simon Daniel se 3 jèn gason sila yo ki anba kòd.

Lapolis fè konnen Appolon Franky ki genyen 29 lane se moun Ench ki ap viv Kanaran, li se manb aktif gang k ap opere nan zòn Kanaran. Wesly Jean-Baptiste li menm genyen 26 lane, li fèt Sendomeng etou li se manb aktif yon gang nan Kanaran ki se alye 400 mawozo ki enplike nan kidnaping ak touye moun. Selon PNH anketè jwenn kèk imaj sou telefòn li ki ta bay endis li patisipe nan touye Jennifer Pierre nan Pòtoprens li te genyen relasyon amourèz ak li. E Simon Daniel limenm ki genyen 25 lane se moun Douya, li ta patisipe nan asasinen yon polisye ki rele Patrick Jean Louis. PNH di Daniel li menm tou se manb aktif gang Kanaran kise alye 400 mawozo.

Pou moman sa tout 3 mesye yo nan gadavi selon PNH pou yo rete tann swivi lajistis.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841