Selon Gouvènè Bank Repiblik Ayiti a (BRH) M. Jeanbaden Dubois ki t ap pale 02 janvye 2023 a nan yon entèvyou li bay Leslie Delatour, deklare sou sa ki gen pou wè ak sanksyon Etazini ak Kanada pran kont divès pèsonalite Ayisyen nan kad rezolisyon 2653 a nan dat 21 oktòb 2022 a, pa rive twò deranje sistèm bankè Ayisyen an.

Li fè konnen genyen 12 moun ki konsène ak 178 kont bankè ki fèmen, pami yo genyen ki se antrepriz patikilye sanksyon yo vize a ki bay yon montan 500 milyon goud sou yon total depo 163 milya goud. E pou dola Ameriken an, li pa depase 5 milyon sou yon total depo 2.8 milya.

Gouvènè Dubois presize sanksyon Kanada yo aplikab sèlman pou jiridiksyon Kanada e sanksyon Etazini yo ki pran pa OFAC valab pou jiridiksyon Etazini ak tout tranzaksyon lajan ki fèt an dola ameriken. Sanksyon USA yo ap genyen konsekans sou bank komèsyal Ayiti pliske tout bank Ayiti yo genyen koneksyon ak bank Etazini.

Li kontinye pou li di bank ameriken yo ki genyen bank Ayiti ki afilye ak yo p ap aksepte pran ris pou moun ki genyen non yo ki nan lis OFAC la, paske si yo dekouvri genyen tranzaksyon ki fèt pou moun ki nan lis sanksyon OFAC la, bank lan genyen pou peye ant 1 a 500 milyon dola Ameriken penalite.

Li kontinye pou di bank yo dwe siveye lis moun ki sou sanksyon yo de trè prè. Gouvènè Bank Repiblik Ayiti a presize moun sa yo ki, malgre sou sanksyon, ka genyen yon kont ouvri pou kontinye peye prè yo te fè nan bank yo sepandan si non yo afiche sou lis Òganizasyon Nasyonzini an (ONU) se pral yon lòt nivo, paske tout kont sa yo pral oblije fèmen.

N ap raple nan kad rezolisyon 2653 Nasyonzini an ki pale de blanchiman lajan, finansman gang ak jele byen Ayisyen ki konsène yo, dwe efektif apati mwa janvye 2023 sa.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....