New yorck times fè konnen Prezidan Joe Biden ta dwe prezante jodi jedi 5 janvye 2023 a, plan Gouvènman an genyen pou pèmèt 30 000 migran Ayisyen, Venezyelyen, Kiben ak Nikaragweyen rantre legalman Ozetazini chak mwa pou redui vwayaj ilegal yo sitou migran yo ki sou fwontyè Mèksik la.

Jounal la fè konnnen Prezidan Biden ap sibi gwo presyon pou li ka fè fas ak pil moun ki plase sou fwontyè ki vle rantre Etazini yo.

Migran ki sou fwontyè “El Paso» yo nan peyi Meksik p ap ka benefisye de nouvo program sila selon sa jounalis Paul Ratje ki ekri tou New yorck Times fè konnen.

Prezidan an ap prezante plan sila kèk jou avan l ale Meksik nan yon somè ki ap dire 2 jou.

Sitiyasyon fwontalyè a vini yon gwo problèm pou administrasyon Biden nan pandan advèsè li yo (Repibliken yo) ap pwofite tapel ak kesyon imigrasyon sa selon sa jounal la rapòte. Repibliken yo pwomèt pou louvri yon ankèt sou jesyon administrasyon Biden nan fè de fwontyè a e menm angaje yon demach pou destitiye Alejandro N. Mayorkas ki se sekretè sekirite enteryè Etazini pou koze sila.

Anpil moun ki bezwen rantre Etazini legalman ap tann 2 pye fèm desizyon sila pandan Migran ki sou fwontyè Meksik la menm nan gwo kouri fas ak plan sila.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....