Gouvènman Dominiken an pran desizyon jedi 5 Janvye 2022 a pou entèdi ekspòtasyon ze Dominiken an vè Ayiti pou anpeche pri yo ogmante sou tèritwa Dominiken an. Mezi sila rantre an aplikasyon apati de vandredi 6 Janvye 2023 a nan aprè midi.

Selon sa gouvèman an fè konnen mezi sila pran pou yon dire 15 jou. L ap kòmanse 6 pou rive 21 pou rive 21 janvye 2023.

Se te nan kad konferans bilan sou pèfòmans ekonomi Dominiken an kote prezidan Luis Abinader ak Minis prezidans lan, Joël Santos tante bay esplikasyon sou mezi sila kote yo di se pou evite ogmantasyon pri ze a sou mache Dominiken an ki rann yo pran mezi pou pa vann Ayiti ze Dominiken an.

Gouvènman an presize yon deja konsilte pwodwiktè ze yo sou desizyon an e y ap kontinye diskite ak yo.

Paralèlman pwodwiktè ze yo nan Repiblik Dominikèn voye jete byen lwen desizyon gouvènman Abinader a. Yo fè konnen sou 8 milyon ze yo pwodui pa jou se sèlman 20% ki vann sou mache lokal la. Yo fini pou di malgre entèdiksyon an y ap rapousib ekspòtasyon ze de fason enfòmèl vè Ayiti.

N ap souliye nan mwa desanm 2022 an, administrasyon Luis Abinader a te pran menm mezi sila sou farin Dominiken an. Èske sa ta montre genyen yon bès nan nivo pwodwiksyon kay vwazen an lè nou konstate nan dènye tan sa yo pwodwiktè Dominiken yo tou pwodui pou Ayiti ki abandone prodwiksyon nadyonal li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841