Depatman Deta Etazini pa kanal Brian A. Nichols fè konnen vandredi 6 Janvye 2023 a, yo espere divès aktèk Ayiti yo jwenn yon konsansis ki pi laj e pi fleksib pami dirijan yo nan tout sektè pou fè avanse refòm demokratik yo ak amelyore sekirite a.

Nichols ki kominike sou kont truitè li profite raple yo te ankouraje akò politik 21 Desanm se vre men yo swete aktè yo rive jwenn yon konsansis ki pilaj.

Wo Konsèy Tranzaksyon an ki konpoze de 3 manb, (sektè politik, sosyete sivil, ekonomik) Premye Minis Ariel Henry te anonse nan 1ye semèn mwa janvye a li pral pibliye lis non yo nan jounal ofisyèl peyi a ( Monitè) etou enstale yo malerezman a 2 jou pou semèn nan fini poko genyen ni piblikasyon ni enstalasyon.

N ap siyale plizyè kouch nan sosye Ayisyèn nan tire anpil boulèt wouj sou akò 21 Desanm nan yo di ki se yon akò ti zanmi ki pa genyen pyès pouvwa pou atenn objektif li.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....