Nan peyi Brezil, patizan prezidan sòtan an Jair Bolsonaro anvayi Palè Prezidansyèl la (Planalto), Palman an ak Lakou Siprèm nan 8 janvye 2023 a, yo kraze anpil bagay. N ap raple, jodi dimanch lan fè 8 jou depi Prezidan Luiz Ignácio Lula Da Silva moute sou pouvwa a. Paralèlman, Jair toujou twouve li Ozetazini depi vandredi 30 desanm 2022 a.

Se pa premye fwa patizan ansyen prezidan Bolsonaro yo ap tante fè divès mouvman ki vize, yon bò, bloke aksesyon Lula sou pouvwa a avan prestasyon sèman an, yon lòt bò, destitiye l kòm aktyèl prezidan anplas la, men se de tantativ ki pa ko janm pote fri. An n viv 4 nan tantativ ak mouvman patizan Bolsonaro yo:

Depi nan 2èm tou eleksyon yo ki t ap dewoule dimanch 30 oktòb la, France 24 te anonse anba enfliyans Jair, yon gwoup ajan te deside bloke divès pataj nan youn nan basyon elektoral Lula yo. Yon konpòtman prezidan Lula te kritike epi pote plen kont li.

Tou suit aprè piblikasyon rezilta 2e tou yo nan mwa oktòb 2022 pase a, patizan Jair yo te pran lari a, fè anpil dezòd, bloke wout, boule kawotchou,nan sousi pou pwoteste kont rezilta yo ki te mete Lula nan tèt a 50,9 kont 49,1% pou Bolsonaro.

Nan dat ki te samdi 24 desanm 2022 a, fòs lòd yo nan peyi Brezil te jwenn yon aparèy eksplozif yon patizan Bolsonaro te depoze nan yon kamyon-sitèn, tou pre ayewopò Brazilya a, nan sousi pou kreye dezòd nan peyi a kont enstalasyon Lula a.

Finalman, aprè 8 jou depi Prezidan Luiz Ignácio Lula Da Silva moute sou pouvwa a, menm patizan prezidan sòtan an Jair Bolsonaro anvayi Palè Prezidansyèl la (Planalto), Palman an ak Lakou Siprèm nan 8 janvye 2022 a.

Bò kote pa l, Prezidan Lula lanse divès mesaj kont dènye atak sila a, nan youn nan deklarasyon li yo, li pale konsa: «Yo pwofite silans dimanch lan, pandan n ap mete gouvènman an, pou yo fè sa yo fè a. Nou te konnen genyen plizyè diskou ansyen prezidan an te fè ki ankouraje sa, se sa k fè tout sa se responsabilite l ak pati k ap sipòte li yo.«

Divès peyi ki di yo se zanmi Brezil tankou Lèzetazini atravè prezidan Joe Biden ak Lafrans atravè prezidan Emmanuel Macron di ouvètman yo kondane zak malonèt sila e yo voye tout soutyen yo bay Prezidan Pati Travayè a Lula Da Silva.

Selon apwòch divès sitwayen k ap viv fason patizan Jair Bolsonaro yo ap sekwe peyi Brezil depi kèk tan, fè kwè gen 2 rezon prensipal ki lakòz fanatik li yo ap aji konsa: Jair fè peyi a anpil tò, li pè pou administrasyon P. Lula a pa rele l douvan lajistis. Yo fè kwè tou Jair se yon malveyan, yon aswafe de pouvwa, se pou rezon sa yo li al kache Ozetazini epi voye fanatik li bay rejim anplas la pwoblèm.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....