Laskawobas Seksyon wanpa lokalite gwo mounlen, jounen vandredi 6 janvye 2023 FODAL kise Solidarite Òganizasyon pou Arondisman Laskawobas fete 14zyèm anivèsè yo an prezans plizyèt lòt òganizasyon ki fè pati platfòm sila plis plizyè lòt pèsonalite nan komin laskawobas tankou: reveran pastè Dieunoit Dupermé, ansyen kandida pou pòs senatè Mèt cladonor Jacob Richard met, Denaud Kerel, met Furcy Jude, met Frantz Jolly responsab BaC laskawobas e savanèt la Ing Agr Ange Maner.

nan okazyon sila plizyè nan envite te pran lapawòl e fè fòmasyon tankou ing Agr Maner Ange te fè fomasyon sou agwo-ekoloji,
Konsekans kriz natirèl la e konsekans dirèk ak endirèk rechèch solisyon yo e devlopman dirèk pou te sansibilize patisipan yo.

Yon aktivite ki te fèt ak anpil animasyon lakontantman lakay peyizan yo. Yon lòt kote Amazan Gerard ki se responsab platfòm sila fè konnen nan lite ak tèt ansanm y ap travay pou kapab bay sèvis yo kabay nan kominote yo e mande chak zòn pou òganize yo pou devlope kominote yo jan yo kapab.

kòdonatè jeneral FODAL la Amazan Gerard kontinye pou fè konnen pandan egzistans yo nan kominote a yo aranje yo pou yo pa desann nan sant vil la pou pase mizè nan bank yo pou vin fè tranzaksyon lajan ankò, yo atann yo ,kès popilè yo nan zòn nan ki rele KEKG ki vledi koperativ ak kredi gwo moulen kote moun ka depoze lajan e prete lajan.

N ap fè remake 14zyèm anivèsè FODAL te fini nan yon anbyans kè kontan ak kominyon fratènèl.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841