Tou suit aprè anons nouvo program « humanitarian parole » peyi Etazini mete disponib pou pèmèt 30 mil migran Ayisyen, Kiben, Venezelyen ak Nikaragweyen rantre Etazini chak mwa a, ebyen kantite moun ki ale pran sèvis paspò nan biwo imigrasyon ak emigrasyon Ayiti ogmante konsiderableman. Se ka biwo santral la nan Pòtoprens lendi 09 janvye 2023 a.

Yon foul moun ki soti nan diferan andwa nan peyi a te mase devan biwo imigrasyon ak emigrasyon Ayiti a ki twouve li sou wout Lali a nan Pòtoprens. Pale anpil, joure bouskilad anba yon flanm solèy moun yo t ap batay antre yo pou yo ka rive fè yon grenn paspò, nan lide pou antreprann lòt pwosesis pou kite Ayiti, ki tounen yon veritab lanfè pou yo tèlman vi a difisil. Youn nan ajan sekirite yo ki te depase pa evenman sila rakonte se pou premye fwa depi li nan biwo a li wè tout kantite moun sa yo vin pran sèvis paspò a, pandan li rekonèt te konn toujou genyen anpil moun, men pou janvye 2023 sa kantite a eksploze.

Plizyè moun ki te nan liy nan rakonte yo oblije peye patikilye ant 20 a 25 mil goud ak raketè pou wè si yo ta jwenn paspò a, malgre sa y ap fè yo vire anwon aprè tout mizè yo fin pase nan pran brimad nan liy, kote yo konn fè 6zè tan nan batay nan liy anba flanm solèy la.

Sitiyasyon an pa diferan nan Direksyon Jeneral Enpo ak kantite moun ki vin fè tenb pou paspò epi rale matrikil fiskal yo.

N ap raple, se depi dat 5 janvye 2023 a administrasyon Joe Biden nan anonse nouvo plan sila.Tès kowona viris, polyo ak woujòl se egzijans otorite amerikèn yo fè tout moun ki gen pou kalifye pou pwogram nan. Anplis, se benefisyè yo k ap peye frè vwayaj la. Se sa Depatman sekirite Enteryè peyi Etazini fè konnen lendi 9 janvye 2023 a.

Divès sitwayen k ap obsève nouvo epizòd difisil sila nan listwa ak lavi pèp Ayisyen an, fè konnen yo pa sispann reflechi sou avni Ayiti k ap vin pi konplike chak jou plis. Selon sitwayen sa yo, peyi Lèzetazini t ap fè mye pou Ayiti si li ta deside akonpaye gouvènman yo nan kad aplikasyon politik yo, nan plas ofri Ayisyen an yon opòtinite si difisil pou antre Ozetazini.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841